Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Heb 8:13 When He said, "A new covenant," He has made the first obsolete. But whatever is becoming obsolete and growing old is ready to disappear.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:1 ---- written 64-68 A.D.----
Heb 9:1 Premye kontra a te gen regleman pa l' pou jan yo dwe fè sèvis pou Bondye nan tanp ki sou latè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:1 Now even the first covenant had regulations of divine worship and the earthly sanctuary.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:2----
Heb 9:2 Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:2 For there was a tabernacle prepared, the outer one, in which were the lampstand and the table and the sacred bread; this is called the holy place.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:3----
Heb 9:3 Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:3 Behind the second veil there was a tabernacle which is called the Holy of Holies,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:4----
Heb 9:4 Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:4 having a golden altar of incense and the ark of the covenant covered on all sides with gold, in which was a golden jar holding the manna, and Aaron's rod which budded, and the tables of the covenant;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:5----
Heb 9:5 Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:5 and above it were the cherubim of glory overshadowing the mercy seat; but of these things we cannot now speak in detail.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:6----
Heb 9:6 Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:6 Now when these things have been so prepared, the priests are continually entering the outer tabernacle performing the divine worship,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:7----
Heb 9:7 Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:7 but into the second, only the high priest enters once a year, not without taking blood, which he offers for himself and for the sins of the people committed in ignorance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:8----
Heb 9:8 Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:8 The Holy Spirit is signifying this, that the way into the holy place has not yet been disclosed while the outer tabernacle is still standing,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:9----
Heb 9:9 Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase koulye a. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:9 which is a symbol for the present time. Accordingly both gifts and sacrifices are offered which cannot make the worshiper perfect in conscience,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:10----
Heb 9:10 Nan tout bagay sa yo, se yon keksyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:10 since they relate only to food and drink and various washings, regulations for the body imposed until a time of reformation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:11----
Heb 9:11 Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:11 But when Christ appeared as a high priest of the good things to come, He entered through the greater and more perfect tabernacle, not made with hands, that is to say, not of this creation;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:12----
Heb 9:12 Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:12 and not through the blood of goats and calves, but through His own blood, He entered the holy place once for all, having obtained eternal redemption.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:13----
Heb 9:13 Si yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:13 For if the blood of goats and bulls and the ashes of a heifer sprinkling those who have been defiled sanctify for the cleansing of the flesh,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:14----
Heb 9:14 nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:14 how much more will the blood of Christ, who through the eternal Spirit offered Himself without blemish to God, cleanse your conscience from dead works to serve the living God?(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:15----
Heb 9:15 Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:15 For this reason He is the mediator of a new covenant, so that, since a death has taken place for the redemption of the transgressions that were committed under the first covenant, those who have been called may receive the promise of the eternal inheritance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:16----
Heb 9:16 Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:16 For where a covenant is, there must of necessity be the death of the one who made it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:17----
Heb 9:17 Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:17 For a covenant is valid only when men are dead, for it is never in force while the one who made it lives.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:18----
Heb 9:18 Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:18 Therefore even the first covenant was not inaugurated without blood.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:19----
Heb 9:19 Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:19 For when every commandment had been spoken by Moses to all the people according to the Law, he took the blood of the calves and the goats, with water and scarlet wool and hyssop, and sprinkled both the book itself and all the people,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:20----
Heb 9:20 Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:20 saying, "THIS IS THE BLOOD OF THE COVENANT WHICH GOD COMMANDED YOU."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:21----
Heb 9:21 Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:21 And in the same way he sprinkled both the tabernacle and all the vessels of the ministry with the blood.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:22----
Heb 9:22 Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:22 And according to the Law, one may almost say, all things are cleansed with blood, and without shedding of blood there is no forgiveness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:23----
Heb 9:23 Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:23 Therefore it was necessary for the copies of the things in the heavens to be cleansed with these, but the heavenly things themselves with better sacrifices than these.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:24----
Heb 9:24 Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:24 For Christ did not enter a holy place made with hands, a mere copy of the true one, but into heaven itself, now to appear in the presence of God for us;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:25----
Heb 9:25 Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:25 nor was it that He would offer Himself often, as the high priest enters the holy place year by year with blood that is not his own.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:26----
Heb 9:26 Si se pa t' sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, koulye a, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:26 Otherwise, He would have needed to suffer often since the foundation of the world; but now once at the consummation of the ages He has been manifested to put away sin by the sacrifice of Himself.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:27----
Heb 9:27 Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:27 And inasmuch as it is appointed for men to die once and after this comes judgment,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 9:28----
Heb 9:28 Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 9:28 so Christ also, having been offered once to bear the sins of many, will appear a second time for salvation without reference to sin, to those who eagerly await Him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 10:1 ---- written 64-68 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1142_58_Hebrews_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1138_58_Hebrews_05_ht-en.html
1139_58_Hebrews_06_ht-en.html
1140_58_Hebrews_07_ht-en.html
1141_58_Hebrews_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1143_58_Hebrews_10_ht-en.html
1144_58_Hebrews_11_ht-en.html
1145_58_Hebrews_12_ht-en.html
1146_58_Hebrews_13_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."