Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Rev 13:18 Here is wisdom. Let him who has understanding calculate the number of the beast, for the number is that of a man; and his number is six hundred and sixty-six.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:1 ---- written 90 A.D.----
Rev 14:1 Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil moun avèk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:1 Then I looked, and behold, the Lamb was standing on Mount Zion, and with Him one hundred and forty-four thousand, having His name and the name of His Father written on their foreheads.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:2----
Rev 14:2 Mwen tande yon vwa ki soti nan sièl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loraj. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:2 And I heard a voice from heaven, like the sound of many waters and like the sound of loud thunder, and the voice which I heard was like the sound of harpists playing on their harps.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:3----
Rev 14:3 Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:3 And they sang a new song before the throne and before the four living creatures and the elders; and no one could learn the song except the one hundred and forty-four thousand who had been purchased from the earth.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:4----
Rev 14:4 Moun sa yo, se moun ki pa t' fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l' pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premie moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:4 These are the ones who have not been defiled with women, for they have kept themselves chaste. These are the ones who follow the Lamb wherever He goes. These have been purchased from among men as first fruits to God and to the Lamb.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:5----
Rev 14:5 Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:5 And no lie was found in their mouth; they are blameless.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:6----
Rev 14:6 Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:6 And I saw another angel flying in midheaven, having an eternal gospel to preach to those who live on the earth, and to every nation and tribe and tongue and people;(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:7----
Rev 14:7 Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:7 and he said with a loud voice, "Fear God, and give Him glory, because the hour of His judgment has come; worship Him who made the heaven and the earth and sea and springs of waters."(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:8----
Rev 14:8 Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:8 And another angel, a second one, followed, saying, "Fallen, fallen is Babylon the great, she who has made all the nations drink of the wine of the passion of her immorality."(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:9----
Rev 14:9 Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:9 Then another angel, a third one, followed them, saying with a loud voice, "If anyone worships the beast and his image, and receives a mark on his forehead or on his hand,(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:10----
Rev 14:10 moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:10 he also will drink of the wine of the wrath of God, which is mixed in full strength in the cup of His anger; and he will be tormented with fire and brimstone in the presence of the holy angels and in the presence of the Lamb.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:11----
Rev 14:11 Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:11 And the smoke of their torment goes up forever and ever; they have no rest day and night, those who worship the beast and his image, and whoever receives the mark of his name."(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:12----
Rev 14:12 Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:12 Here is the perseverance of the saints who keep the commandments of God and their faith in Jesus.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:13----
Rev 14:13 Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:13 And I heard a voice from heaven, saying, "Write, 'Blessed are the dead who die in the Lord from now on!'"" Yes," says the Spirit, "so that they may rest from their labors, for their deeds follow with them."(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:14----
Rev 14:14 Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:14 Then I looked, and behold, a white cloud, and sitting on the cloud was one like a son of man, having a golden crown on His head and a sharp sickle in His hand.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:15----
Rev 14:15 Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:15 And another angel came out of the temple, crying out with a loud voice to Him who sat on the cloud, "Put in your sickle and reap, for the hour to reap has come, because the harvest of the earth is ripe."(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:16----
Rev 14:16 Lè sa a, moun ki te chita anwo nwaj la pase kouto digo l' la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:16 Then He who sat on the cloud swung His sickle over the earth, and the earth was reaped.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:17----
Rev 14:17 Yon lòt zanj soti nan tanp ki nan sièl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:17 And another angel came out of the temple which is in heaven, and he also had a sharp sickle.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:18----
Rev 14:18 Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:18 Then another angel, the one who has power over fire, came out from the altar; and he called with a loud voice to him who had the sharp sickle, saying, "Put in your sharp sickle and gather the clusters from the vine of the earth, because her grapes are ripe."(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:19----
Rev 14:19 Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l' la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:19 So the angel swung his sickle to the earth and gathered the clusters from the vine of the earth, and threw them into the great wine press of the wrath of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 14:20----
Rev 14:20 Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Rev 14:20 And the wine press was trodden outside the city, and blood came out from the wine press, up to the horses' bridles, for a distance of two hundred miles.(NASB-1995)

================================================================================
---- Revelation 15:1 ---- written 90 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1181_66_Revelation_14_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1177_66_Revelation_10_ht-en.html
1178_66_Revelation_11_ht-en.html
1179_66_Revelation_12_ht-en.html
1180_66_Revelation_13_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1182_66_Revelation_15_ht-en.html
1183_66_Revelation_16_ht-en.html
1184_66_Revelation_17_ht-en.html
1185_66_Revelation_18_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."