|
================================================================================ ---- Revelation 17:1 ---- written 90 A.D.---- Rev 17:1 Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:1 Then one of the seven angels who had the seven bowls came and spoke with me, saying, "Come here, I will show you the judgment of the great harlot who sits on many waters,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:2---- Rev 17:2 Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:2 with whom the kings of the earth committed acts of immorality, and those who dwell on the earth were made drunk with the wine of her immorality."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:3---- Rev 17:3 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:3 And he carried me away in the Spirit into a wilderness; and I saw a woman sitting on a scarlet beast, full of blasphemous names, having seven heads and ten horns.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:4---- Rev 17:4 Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:4 The woman was clothed in purple and scarlet, and adorned with gold and precious stones and pearls, having in her hand a gold cup full of abominations and of the unclean things of her immorality,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:5---- Rev 17:5 Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:5 and on her forehead a name was written, a mystery," BABYLON THE GREAT, THE MOTHER OF HARLOTS AND OF THE ABOMINATIONS OF THE EARTH."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:6---- Rev 17:6 Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:6 And I saw the woman drunk with the blood of the saints, and with the blood of the witnesses of Jesus. When I saw her, I wondered greatly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:7---- Rev 17:7 Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:7 And the angel said to me, "Why do you wonder? I will tell you the mystery of the woman and of the beast that carries her, which has the seven heads and the ten horns.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:8---- Rev 17:8 Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:8 "The beast that you saw was, and is not, and is about to come up out of the abyss and go to destruction. And those who dwell on the earth, whose name has not been written in the book of life from the foundation of the world, will wonder when they see the beast, that he was and is not and will come.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:9---- Rev 17:9 Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:9 Here is the mind which has wisdom. The seven heads are seven mountains on which the woman sits,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:10---- Rev 17:10 Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:10 and they are seven kings; five have fallen, one is, the other has not yet come; and when he comes, he must remain a little while.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:11---- Rev 17:11 Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:11 The beast which was and is not, is himself also an eighth and is one of the seven, and he goes to destruction.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:12---- Rev 17:12 Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:12 The ten horns which you saw are ten kings who have not yet received a kingdom, but they receive authority as kings with the beast for one hour.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:13---- Rev 17:13 Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:13 These have one purpose, and they give their power and authority to the beast.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:14---- Rev 17:14 Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:14 These will wage war against the Lamb, and the Lamb will overcome them, because He is Lord of lords and King of kings, and those who are with Him are the called and chosen and faithful."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:15---- Rev 17:15 Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:15 And he said to me, "The waters which you saw where the harlot sits, are peoples and multitudes and nations and tongues.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:16---- Rev 17:16 Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:16 And the ten horns which you saw, and the beast, these will hate the harlot and will make her desolate and naked, and will eat her flesh and will burn her up with fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:17---- Rev 17:17 Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:17 For God has put it in their hearts to execute His purpose by having a common purpose, and by giving their kingdom to the beast, until the words of God will be fulfilled.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 17:18---- Rev 17:18 Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 17:18 The woman whom you saw is the great city, which reigns over the kings of the earth."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 18:1 ---- written 90 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1184_66_Revelation_17_ht-en.html 1180_66_Revelation_13_ht-en.html 1181_66_Revelation_14_ht-en.html 1182_66_Revelation_15_ht-en.html 1183_66_Revelation_16_ht-en.html 1185_66_Revelation_18_ht-en.html 1186_66_Revelation_19_ht-en.html 1187_66_Revelation_20_ht-en.html 1188_66_Revelation_21_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|