|
================================================================================ ---- Deuteronomy 1:1 ---- written 1410 B.C.---- Deu 1:1 Men pawòl Moyiz te di tout pèp Izrayèl la lè yo te lòt bò larivyè Jouden an, nan dezè a, nan plenn Araba ki anfas Souf: Yo te gen dezè Paran an sou yon bò ak lavil Tofèl, Liban, Azewòt ak Dizaab sou lòt bò a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:1 These are the words which Moses spoke to all Israel across the Jordan in the wilderness, in the Arabah opposite Suph, between Paran and Tophel and Laban and Hazeroth and Dizahab.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:2---- Deu 1:2 Pou mache soti mòn Sinayi rive Kadès-Banea, lè ou swiv wout ki pase nan mòn Seyi a, sa pran onz jou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:2 It is eleven days' journey from Horeb by the way of Mount Seir to Kadesh-barnea.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:3---- Deu 1:3 Se premye jou nan onzyèm mwa karantyèm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fè pale sa a ak pèp Izrayèl la, jan Seyè a te mande l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:3 In the fortieth year, on the first day of the eleventh month, Moses spoke to the children of Israel, according to all that the Lord had commanded him to give to them,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:4---- Deu 1:4 Lè sa a, Seyè a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawòt nan zòn Edreyi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:4 after he had defeated Sihon the king of the Amorites, who lived in Heshbon, and Og the king of Bashan, who lived in Ashtaroth and Edrei.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:5---- Deu 1:5 Se antan pèp la te lòt bò larivyè Jouden, nan peyi Moab la, Moyiz tanmen esplike yo tou sa Seyè a te di. Li di yo konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:5 Across the Jordan in the land of Moab, Moses undertook to expound this law, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:6---- Deu 1:6 -Lè nou te sou mòn Orèb la, nou chonje Seyè a, Bondye nou an, te pale ak nou. Li te di nou: Koulye a, nou rete kont nou sou mòn sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:6 "The Lord our God spoke to us at Horeb, saying, 'You have stayed long enough at this mountain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:7---- Deu 1:7 Ranmase tout zafè nou pati. Ale nan mòn peyi Amori yo ak nan tout lòt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mòn yo, nan fon yo, nan Negèv la bò sid ak bò gwo lanmè Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bò gwo larivyè Lefrat la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:7 Turn and set your journey, and go to the hill country of the Amorites, and to all their neighbors in the Arabah, in the hill country and in the lowland and in the Negev and by the seacoast, the land of the Canaanites, and Lebanon, as far as the great river, the river Euphrates.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:8---- Deu 1:8 Nou wè! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyè a, mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:8 See, I have placed the land before you; go in and possess the land which the Lord swore to give to your fathers, to Abraham, to Isaac, and to Jacob, to them and their descendants after them.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:9---- Deu 1:9 Menm lè sa a, mwen te di nou: Mwen pa kapab reskonsab nou tout pou kont mwen, chay la twòp pou mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:9 "I spoke to you at that time, saying, 'I am not able to bear the burden of you alone.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:10---- Deu 1:10 Seyè a, Bondye nou an, ban nou anpil pitit, kifè koulye a nou vin anpil, tankou zetwal nan syèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:10 The Lord your God has multiplied you, and behold, you are this day like the stars of heaven in number.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:11---- Deu 1:11 Se pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen koulye a. Se pou l' beni nou jan li te pwomèt nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:11 May the Lord, the God of your fathers, increase you a thousand-fold more than you are and bless you, just as He has promised you!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:12---- Deu 1:12 Men, ki jan pou m' fè pote tout chay sa a pou kont mwen, pou m' jwenn solisyon pou tout pwoblèm nou, pou m' regle tout kont nou gen yonn ak lòt?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:12 How can I alone bear the load and burden of you and your strife?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:13---- Deu 1:13 Se poutèt sa, nan chak branch fanmi nou yo, chwazi kèk nèg ki gen lespri, ki gen bon konprann, ki konn lavi, m'a mete yo chèf pou dirije nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:13 Choose wise and discerning and experienced men from your tribes, and I will appoint them as your heads.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:14---- Deu 1:14 Lè sa a, nou te reponn mwen, nou te di m' konsa: Sa ou mande nou fè la a bon wi!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:14 You answered me and said, 'The thing which you have said to do is good.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:15---- Deu 1:15 Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Gen en mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:15 So I took the heads of your tribes, wise and experienced men, and appointed them heads over you, leaders of thousands and of hundreds, of fifties and of tens, and officers for your tribes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:16---- Deu 1:16 Lè sa a, men sa mwen te mande chèf nou yo pou yo fè: Chache konnen lè gen kont nan mitan pèp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frè parèy li osinon ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fè sa san patipri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:16 "Then I charged your judges at that time, saying, 'Hear the cases between your fellow countrymen, and judge righteously between a man and his fellow countryman, or the alien who is with him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:17---- Deu 1:17 Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:17 You shall not show partiality in judgment; you shall hear the small and the great alike. You shall not fear man, for the judgment is God's. The case that is too hard for you, you shall bring to me, and I will hear it.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:18---- Deu 1:18 Se konsa, menm lè sa a, mwen te ban nou lòd, mwen te di nou sa pou n' fè ak sa pou n' pa fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:18 I commanded you at that time all the things that you should do.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:19---- Deu 1:19 Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:19 "Then we set out from Horeb, and went through all that great and terrible wilderness which you saw on the way to the hill country of the Amorites, just as the Lord our God had commanded us; and we came to Kadesh-barnea.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:20---- Deu 1:20 Lè sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mòn peyi Amori yo, peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:20 I said to you, 'You have come to the hill country of the Amorites which the Lord our God is about to give us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:21---- Deu 1:21 Gade, men peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Ale non, pran peyi a pou nou, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. Nou pa bezwen pè, kè nou pa pou janm kase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:21 See, the Lord your God has placed the land before you; go up, take possession, as the Lord, the God of your fathers, has spoken to you. Do not fear or be dismayed.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:22---- Deu 1:22 Lè sa a nou tout, nou vin jwenn mwen, nou di m' konsa: Ann voye kèk nèg pami nou devan pou y' al wè ki jan peyi a ye. Y'a tounen vin esplike nou ki wout pou nou swiv ak nan ki lavil nou ka antre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:22 "Then all of you approached me and said, 'Let us send men before us, that they may search out the land for us, and bring back to us word of the way by which we should go up and the cities which we shall enter.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:23---- Deu 1:23 Mwen te wè sa nou di m' lan se te bon koze. Se konsa mwen chwazi douz nèg, yonn nan chak branch fanmi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:23 The thing pleased me and I took twelve of your men, one man for each tribe.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:24---- Deu 1:24 Yo pati, yo pran chemen mòn lan jouk yo rive nan Fon Echkòl: yo vizite tout zòn lan nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:24 They turned and went up into the hill country, and came to the valley of Eshcol and spied it out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:25---- Deu 1:25 Yo pran kèk fwi peyi a donnen, yo pote ban nou. Epi yo di nou peyi Seyè a ap ban nou an se yon bon venn tè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:25 Then they took some of the fruit of the land in their hands and brought it down to us; and they brought us back a report and said, 'It is a good land which the Lord our God is about to give us.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:26---- Deu 1:26 Men, nou pa t' vle al ladan l'. Se konsa nou te derefize obeyi lòd Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:26 "Yet you were not willing to go up, but rebelled against the command of the Lord your God;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:27---- Deu 1:27 Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:27 and you grumbled in your tents and said, 'Because the Lord hates us, He has brought us out of the land of Egypt to deliver us into the hand of the Amorites to destroy us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:28---- Deu 1:28 Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:28 Where can we go up? Our brethren have made our hearts melt, saying, "The people are bigger and taller than we; the cities are large and fortified to heaven. And besides, we saw the sons of the Anakim there."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:29---- Deu 1:29 Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:29 Then I said to you, 'Do not be shocked, nor fear them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:30---- Deu 1:30 Seyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l' fè l' la nan peyi Lejip(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:30 The Lord your God who goes before you will Himself fight on your behalf, just as He did for you in Egypt before your eyes,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:31---- Deu 1:31 ak nan dezè a. Nou wè ki jan sou tout wout la li pa janm lage nou, tankou yon papa ki pa janm lage pitit li, jouk nou rive bò isit la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:31 and in the wilderness where you saw how the Lord your God carried you, just as a man carries his son, in all the way which you have walked until you came to this place.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:32---- Deu 1:32 Men, atout mwen te di nou sa, nou pa t' vle mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:32 But for all this, you did not trust the Lord your God,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:33---- Deu 1:33 li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:33 who goes before you on your way, to seek out a place for you to encamp, in fire by night and cloud by day, to show you the way in which you should go.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:34---- Deu 1:34 Lè Seyè a tande jan nou t'ap plenyen, li te fache anpil, li fè sèman, li di:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:34 "Then the Lord heard the sound of your words, and He was angry and took an oath, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:35---- Deu 1:35 Pa gen yonn nan tout move sije sa yo k'ap viv koulye a k'ap antre nan bon peyi mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:35 'Not one of these men, this evil generation, shall see the good land which I swore to give your fathers,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:36---- Deu 1:36 an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki va antre nan peyi sa a. M'a ba li peyi li te al espyonnen an, pou li ak pou pitit li yo, paske li te obeyi m' san gad dèyè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:36 except Caleb the son of Jephunneh; he shall see it, and to him and to his sons I will give the land on which he has set foot, because he has followed the Lord fully.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:37---- Deu 1:37 Nou lakòz Seyè a te fache ata avè m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:37 The Lord was angry with me also on your account, saying, 'Not even you shall enter there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:38---- Deu 1:38 Se Jozye, pitit gason Noun lan, k'ap sèvi avè ou la, ki va antre nan plas ou. Ankouraje l' tande, paske se li menm ki pou fè pèp Izrayèl la antre al pran peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:38 Joshua the son of Nun, who stands before you, he shall enter there; encourage him, for he will cause Israel to inherit it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:39---- Deu 1:39 Men, se pitit nou yo, sa nou di ki tapral tonbe anba men lènmi nou yo, timoun nou yo ki koulye a poko konnen sa ki byen ak sa ki mal, se yo menm ki pral antre nan peyi a. Se yo menm mwen pral bay peyi a, se yo menm ki pral rete ladan l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:39 Moreover, your little ones who you said would become a prey, and your sons, who this day have no knowledge of good or evil, shall enter there, and I will give it to them and they shall possess it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:40---- Deu 1:40 Men nou menm, tounen tounen nou nan dezè a! Pran chemen Lanmè Wouj la ankò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:40 But as for you, turn around and set out for the wilderness by the way to the Red Sea.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:41---- Deu 1:41 Lè sa a nou reponn mwen: Nou rekonèt nou peche kont Seyè a. Nou prale, epi n'a goumen jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la. Epi nou leve nou pran zam nou. Nou te kwè sa tapral fasil pou nou pran mòn yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:41 "Then you said to me, 'We have sinned against the Lord; we will indeed go up and fight, just as the Lord our God commanded us.' And every man of you girded on his weapons of war, and regarded it as easy to go up into the hill country.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:42---- Deu 1:42 Men, Seyè a di m' avèti nou: Piga n' al atake, piga n' al fè lènmi nou yo bat nou, paske li p'ap kanpe avèk nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:42 And the Lord said to me, 'Say to them, "Do not go up nor fight, for I am not among you; otherwise you will be defeated before your enemies."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:43---- Deu 1:43 Mwen te pale nou, men nou pa t' koute m', nou derefize swiv lòd Seyè a te ban nou. Nou te konprann nou te fò kont kò nou pou n' te al pran mòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:43 So I spoke to you, but you would not listen. Instead you rebelled against the command of the Lord, and acted presumptuously and went up into the hill country.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:44---- Deu 1:44 Lè sa a, moun peyi Amori yo ki te rete nan mòn yo soti vin kontre ak nou. Tankou yon desen myèl, yo kouri dèyè nou, yo bat nou byen bat nan tout peyi Seyi a rive jouk Oma.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:44 The Amorites who lived in that hill country came out against you and chased you as bees do, and crushed you from Seir to Hormah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:45---- Deu 1:45 Lè nou tounen, nou kriye nan pye Seyè a, men Seyè a pa t' koute sa nou t'ap di l', li pa t' pran ka nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:45 Then you returned and wept before the Lord; but the Lord did not listen to your voice nor give ear to you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 1:46---- Deu 1:46 Se poutèt sa nou te blije pase tout tan sa a nan zòn Kadès la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 1:46 So you remained in Kadesh many days, the days that you spent there.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 2:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0154_05_Deuteronomy_01_ht-en.html 0150_04_Numbers_33_ht-en.html 0151_04_Numbers_34_ht-en.html 0152_04_Numbers_35_ht-en.html 0153_04_Numbers_36_ht-en.html 0155_05_Deuteronomy_02_ht-en.html 0156_05_Deuteronomy_03_ht-en.html 0157_05_Deuteronomy_04_ht-en.html 0158_05_Deuteronomy_05_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|