Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Deu 2:37 Only you did not go near to the land of the sons of Ammon, all along the river Jabbok and the cities of the hill country, and wherever the Lord our God had commanded us.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:1----
Deu 3:1 Apre sa, nou pran yon lòt chemen nan direksyon peyi Bazan an. Men, Og, wa peyi Bazan an, soti ak tout lame li a, li vin kare pou batay ak nou bò lavil Edreyi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:1 "Then we turned and went up the road to Bashan, and Og, king of Bashan, with all his people came out to meet us in battle at Edrei.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:2----
Deu 3:2 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Nou pa bezwen pè li, mwen pral lage yo nan men nou, li menm ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi li a. Menm sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete lavil Esbon an, se sa nou pral fè li tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:2 But the Lord said to me, 'Do not fear him, for I have delivered him and all his people and his land into your hand; and you shall do to him just as you did to Sihon king of the Amorites, who lived at Heshbon.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:3----
Deu 3:3 Se konsa Seyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:3 So the Lord our God delivered Og also, king of Bashan, with all his people into our hand, and we smote them until no survivor was left.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:4----
Deu 3:4 Konsa tou, nou pran tout lavil yo pou nou. Pa t' gen yonn menm ki pa t' tonbe nan men nou. Antou nou te pran swasant lavil, tout lavil ki te nan zòn Agòb la, kote Og, wa Bazan an, t'ap gouvènen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:4 We captured all his cities at that time; there was not a city which we did not take from them: sixty cities, all the region of Argob, the kingdom of Og in Bashan.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:5----
Deu 3:5 Tout lavil sa yo te gen bèl defans. Yo te gen ranpa byen wo, gwo baryè ak ba solid pou fèmen baryè yo. Nou te pran tou yon bann lòt lavil ki pa t' gen ranpa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:5 All these were cities fortified with high walls, gates and bars, besides a great many unwalled towns.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:6----
Deu 3:6 Nou detwi yo nèt pou Bondye tankou yon ofrann, menm jan nou te fè l' pou Siyon, wa lavil Esbon an. Nou touye tout moun ki te nan lavil yo, fanm kou gason, timoun kou granmoun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:6 We utterly destroyed them, as we did to Sihon king of Heshbon, utterly destroying the men, women and children of every city.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:7----
Deu 3:7 Men, nou pran tout zannimo yo ak tout lòt bagay ki gen valè nan lavil yo pou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:7 But all the animals and the spoil of the cities we took as our booty.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:8----
Deu 3:8 Se konsa, lè sa a, nou pran pou nou peyi tou de wa peyi Amori yo ki t'ap viv sou bò solèy leve, depi ravin Anon jouk mòn Emon, lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:8 "Thus we took the land at that time from the hand of the two kings of the Amorites who were beyond the Jordan, from the valley of Arnon to Mount Hermon(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:9----
Deu 3:9 Moun Sidon yo rele mòn Emon an Siryon, men moun Amori yo menm rele l' Seni.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:9 (Sidonians call Hermon Sirion, and the Amorites call it Senir):(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:10----
Deu 3:10 Nou pran tout lavil ki nan gwo platon sou tèt mòn yo, tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an rive jouk Salka ak Edreyi, de lavil ki te pou Og, wa Bazan an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:10 all the cities of the plateau and all Gilead and all Bashan, as far as Salecah and Edrei, cities of the kingdom of Og in Bashan.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:11----
Deu 3:11 (Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:11 (For only Og king of Bashan was left of the remnant of the Rephaim. Behold, his bedstead was an iron bedstead; it is in Rabbah of the sons of Ammon. Its length was nine cubits and its width four cubits by ordinary cubit.)(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:12----
Deu 3:12 Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki soti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:12 "So we took possession of this land at that time. From Aroer, which is by the valley of Arnon, and half the hill country of Gilead and its cities I gave to the Reubenites and to the Gadites.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:13----
Deu 3:13 Mwen bay mwatye nan branch fanmi Manase a rès zòn Galarad la ak tout peyi Bazan an, kote Og t'ap gouvènen an. (Dapre sa yo di, peyi Bazan an, tout zòn Agòb la, se peyi refayim yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:13 The rest of Gilead and all Bashan, the kingdom of Og, I gave to the half-tribe of Manasseh, all the region of Argob (concerning all Bashan, it is called the land of Rephaim.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:14----
Deu 3:14 Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:14 Jair the son of Manasseh took all the region of Argob as far as the border of the Geshurites and the Maacathites, and called it, that is, Bashan, after his own name, Havvoth-jair, as it is to this day.)(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:15----
Deu 3:15 Mwen bay Maki peyi Galarad la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:15 To Machir I gave Gilead.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:16----
Deu 3:16 Mwen bay branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo zòn ki soti depi peyi Galarad la rive ravin Anon. Sou nan sid, baliz peyi a pase nan mitan ravin Anon. Sou nan nò, peyi a rive rivyè Jabòk ki te sèvi l' fwontyè ak peyi Amon an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:16 To the Reubenites and to the Gadites I gave from Gilead even as far as the valley of Arnon, the middle of the valley as a border and as far as the river Jabbok, the border of the sons of Ammon;(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:17----
Deu 3:17 Sou bò solèy kouche, larivyè Jouden an, depi letan Kinerèt jouk lanmè Sale a, lanmè yo rele Araba a, va sèvi fwontyè ki va desann anba lanmè Sale a jouk nan pye mòn Pisga a bò solèy leve.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:17 the Arabah also, with the Jordan as a border, from Chinnereth even as far as the sea of the Arabah, the Salt Sea, at the foot of the slopes of Pisgah on the east.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:18----
Deu 3:18 Menm lè sa a tou, mwen ba yo lòd sa yo: Seyè a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Koulye a, se pou tout gason ki gen laj pou fè lagè pran zam yo. Se pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an pran devan moun lòt branch fanmi nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:18 "Then I commanded you at that time, saying, 'The Lord your God has given you this land to possess it; all you valiant men shall cross over armed before your brothers, the sons of Israel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:19----
Deu 3:19 Sèl moun n'a kite nan lavil mwen ban nou yo, se va madanm nou ak pitit nou yo ansanm ak bèt nou yo. Pou bèt, mwen konnen nou pa manke sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:19 But your wives and your little ones and your livestock (I know that you have much livestock) shall remain in your cities which I have given you,(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:20----
Deu 3:20 N'a ede rès moun pèp Izrayèl yo jouk Seyè a va fin ba yo pòsyon pa yo jan li deja fè l' pou nou an, jouk y'a fin pran peyi Seyè a ap ba yo a lòt bò larivyè Jouden. Se lè sa a n'a tounen nan peyi mwen te chwazi pou m' ban nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:20 until the Lord gives rest to your fellow countrymen as to you, and they also possess the land which the Lord your God will give them beyond the Jordan. Then you may return every man to his possession which I have given you.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:21----
Deu 3:21 Apre sa, mwen bay Jozye lòd sa a: Ou wè ak je ou tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè de wa peyi Amon yo. Se menm bagay la Seyè a ap fè wa tout peyi kote nou pral pase yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:21 I commanded Joshua at that time, saying, 'Your eyes have seen all that the Lord your God has done to these two kings; so the Lord shall do to all the kingdoms into which you are about to cross.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:22----
Deu 3:22 Nou pa bezwen pè yo menm. Se Seyè a menm, Bondye nou an, ki pral goumen pou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:22 Do not fear them, for the Lord your God is the one fighting for you.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:23----
Deu 3:23 Lè sa a atò, mwen mande Seyè a yon favè. Mwen di l':(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:23 "I also pleaded with the Lord at that time, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:24----
Deu 3:24 Seyè, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouraj. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:24 'O Lord God, You have begun to show Your servant Your greatness and Your strong hand; for what god is there in heaven or on earth who can do such works and mighty acts as Yours?(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:25----
Deu 3:25 Tanpri souple, kite m' travèse lòt bò larivyè Jouden an pou m' ka wè bèl peyi ki lòt bò a, bèl mòn sa yo ak peyi Liban an tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:25 Let me, I pray, cross over and see the fair land that is beyond the Jordan, that good hill country and Lebanon.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:26----
Deu 3:26 Men, se nou menm ki lakòz Seyè a te fache sou mwen, li refize tande m'. Li di m' konsa: Ase la! Pa janm vin pale m' bagay sa a ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:26 But the Lord was angry with me on your account, and would not listen to me; and the Lord said to me, 'Enough! Speak to Me no more of this matter.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:27----
Deu 3:27 Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:27 Go up to the top of Pisgah and lift up your eyes to the west and north and south and east, and see it with your eyes, for you shall not cross over this Jordan.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:28----
Deu 3:28 Bay Jozye lòd tou sa pou li fè. Ankouraje l'. Ba li fòs kouraj, paske se li menm ki pral janbe lòt bò larivyè Jouden an alatèt pèp la. Se li menm ki pral fè yo pran peyi ou pral wè a pou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:28 But charge Joshua and encourage him and strengthen him, for he shall go across at the head of this people, and he will give them as an inheritance the land which you will see.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 3:29----
Deu 3:29 Epi nou rete nan fon an, anfas lavil Bètpeyò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 3:29 So we remained in the valley opposite Beth-peor.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 4:1----


top of the page
THIS CHAPTER:    0156_05_Deuteronomy_03_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0152_04_Numbers_35_ht-en.html
0153_04_Numbers_36_ht-en.html
0154_05_Deuteronomy_01_ht-en.html
0155_05_Deuteronomy_02_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0157_05_Deuteronomy_04_ht-en.html
0158_05_Deuteronomy_05_ht-en.html
0159_05_Deuteronomy_06_ht-en.html
0160_05_Deuteronomy_07_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."