|
================================================================================ ---- 1 Samuel 15:1 ---- written 930 B.C. and later---- 1Sa 15:1 Samyèl di Sayil: -Se mwen menm Seyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Koulye a, koute pawòl Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:1 Then Samuel said to Saul, "The Lord sent me to anoint you as king over His people, over Israel; now therefore, listen to the words of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:2---- 1Sa 15:2 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:2 Thus says the Lord of hosts, 'I will punish Amalek for what he did to Israel, how he set himself against him on the way while he was coming up from Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:3---- 1Sa 15:3 Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:3 Now go and strike Amalek and utterly destroy all that he has, and do not spare him; but put to death both man and woman, child and infant, ox and sheep, camel and donkey.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:4---- 1Sa 15:4 Sayil rele tout sòlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil sòlda ki te moun Jida.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:4 Then Saul summoned the people and numbered them in Telaim, 200,000 foot soldiers and 10,000 men of Judah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:5---- 1Sa 15:5 Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L' al kache kò li nan yon ravin chèch.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:5 Saul came to the city of Amalek and set an ambush in the valley.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:6---- 1Sa 15:6 Apre sa, li voye avèti moun Kayen yo: -Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:6 Saul said to the Kenites, "Go, depart, go down from among the Amalekites, so that I do not destroy you with them; for you showed kindness to all the sons of Israel when they came up from Egypt." So the Kenites departed from among the Amalekites.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:7---- 1Sa 15:7 Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:7 So Saul defeated the Amalekites, from Havilah as you go to Shur, which is east of Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:8---- 1Sa 15:8 Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:8 He captured Agag the king of the Amalekites alive, and utterly destroyed all the people with the edge of the sword.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:9---- 1Sa 15:9 Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:9 But Saul and the people spared Agag and the best of the sheep, the oxen, the fatlings, the lambs, and all that was good, and were not willing to destroy them utterly; but everything despised and worthless, that they utterly destroyed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:10---- 1Sa 15:10 Seyè a pale ak Samyèl, li di l' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:10 Then the word of the Lord came to Samuel, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:11---- 1Sa 15:11 -Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:11 "I regret that I have made Saul king, for he has turned back from following Me and has not carried out My commands." And Samuel was distressed and cried out to the Lord all night.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:12---- 1Sa 15:12 Nan denmen maten, bonè bonè, li soti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil t' ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:12 Samuel rose early in the morning to meet Saul; and it was told Samuel, saying, "Saul came to Carmel, and behold, he set up a monument for himself, then turned and proceeded on down to Gilgal."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:13---- 1Sa 15:13 Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l' bonjou: -Se pou Seyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m' lòd fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:13 Samuel came to Saul, and Saul said to him, "Blessed are you of the Lord! I have carried out the command of the Lord."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:14---- 1Sa 15:14 Samyèl mande l': -Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:14 But Samuel said, "What then is this bleating of the sheep in my ears, and the lowing of the oxen which I hear?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:15---- 1Sa 15:15 Sayil reponn li: -Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Seyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:15 Saul said, "They have brought them from the Amalekites, for the people spared the best of the sheep and oxen, to sacrifice to the Lord your God; but the rest we have utterly destroyed."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:16---- 1Sa 15:16 Samyèl di l' konsa: -Pe bouch ou, tande! Kite m' di ou sa Seyè a te vin di m' lannwit lan. Sayil di li: -Pale non!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:16 Then Samuel said to Saul, "Wait, and let me tell you what the Lord said to me last night." And he said to him, "Speak!"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:17---- 1Sa 15:17 Samyèl di li: -Atout yon lè ou te rekonèt ou pa t' anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:17 Samuel said, "Is it not true, though you were little in your own eyes, you were made the head of the tribes of Israel? And the Lord anointed you king over Israel,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:18---- 1Sa 15:18 Li voye ou ale avèk lòd espre pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:18 and the Lord sent you on a mission, and said, 'Go and utterly destroy the sinners, the Amalekites, and fight against them until they are exterminated.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:19---- 1Sa 15:19 Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:19 Why then did you not obey the voice of the Lord, but rushed upon the spoil and did what was evil in the sight of the Lord?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:20---- 1Sa 15:20 Sayil reponn Samyèl li di li: -Mwen fè tou sa Seyè a te di m' fè! Mwen mache dapre lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè l'. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:20 Then Saul said to Samuel, "I did obey the voice of the Lord, and went on the mission on which the Lord sent me, and have brought back Agag the king of Amalek, and have utterly destroyed the Amalekites.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:21---- 1Sa 15:21 Men sòlda mwen yo pa t' touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Seyè a, Bondye ou la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:21 But the people took some of the spoil, sheep and oxen, the choicest of the things devoted to destruction, to sacrifice to the Lord your God at Gilgal."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:22---- 1Sa 15:22 Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:22 Samuel said, "Has the Lord as much delight in burnt offerings and sacrifices As in obeying the voice of the Lord? Behold, to obey is better than sacrifice, And to heed than the fat of rams.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:23---- 1Sa 15:23 Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:23 "For rebellion is as the sin of divination, And insubordination is as iniquity and idolatry. Because you have rejected the word of the Lord, He has also rejected you from being king."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:24---- 1Sa 15:24 Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:24 Then Saul said to Samuel, "I have sinned; I have indeed transgressed the command of the Lord and your words, because I feared the people and listened to their voice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:25---- 1Sa 15:25 Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:25 Now therefore, please pardon my sin and return with me, that I may worship the Lord."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:26---- 1Sa 15:26 Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:26 But Samuel said to Saul, "I will not return with you; for you have rejected the word of the Lord, and the Lord has rejected you from being king over Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:27---- 1Sa 15:27 Samyèl fè sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:27 As Samuel turned to go, Saul seized the edge of his robe, and it tore.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:28---- 1Sa 15:28 Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:28 So Samuel said to him, "The Lord has torn the kingdom of Israel from you today and has given it to your neighbor, who is better than you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:29---- 1Sa 15:29 Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:29 Also the Glory of Israel will not lie or change His mind; for He is not a man that He should change His mind."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:30---- 1Sa 15:30 Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:30 Then he said, "I have sinned; but please honor me now before the elders of my people and before Israel, and go back with me, that I may worship the Lord your God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:31---- 1Sa 15:31 Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:31 So Samuel went back following Saul, and Saul worshiped the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:32---- 1Sa 15:32 Apre sa, Samyèl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmò!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:32 Then Samuel said, "Bring me Agag, the king of the Amalekites." And Agag came to him cheerfully. And Agag said, "Surely the bitterness of death is past."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:33---- 1Sa 15:33 Samyèl di li: -Avèk nepe ou, ou te fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotèl Seyè a lavil Gilgal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:33 But Samuel said, "As your sword has made women childless, so shall your mother be childless among women." And Samuel hewed Agag to pieces before the Lord at Gilgal.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:34---- 1Sa 15:34 Lèfini, Samyèl desann lavil Rama. Sayil menm moute al lakay li lavil Gibeya.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:34 Then Samuel went to Ramah, but Saul went up to his house at Gibeah of Saul.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 15:35---- 1Sa 15:35 Depi lè sa a, Samyèl pa janm wè wa Sayil ankò jouk li mouri. Men, sa te fè l' lapenn anpil pou Sayil. Seyè a menm te règrèt deske li te fè Sayil wa pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 15:35 Samuel did not see Saul again until the day of his death; for Samuel grieved over Saul. And the Lord regretted that He had made Saul king over Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0251_09_1_Samuel_15_ht-en.html 0247_09_1_Samuel_11_ht-en.html 0248_09_1_Samuel_12_ht-en.html 0249_09_1_Samuel_13_ht-en.html 0250_09_1_Samuel_14_ht-en.html 0252_09_1_Samuel_16_ht-en.html 0253_09_1_Samuel_17_ht-en.html 0254_09_1_Samuel_18_ht-en.html 0255_09_1_Samuel_19_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|