|
================================================================================ ---- 1 Samuel 16:1 ---- written 930 B.C. and later---- 1Sa 16:1 Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:1 Now the Lord said to Samuel, "How long will you grieve over Saul, since I have rejected him from being king over Israel? Fill your horn with oil and go; I will send you to Jesse the Bethlehemite, for I have selected a king for Myself among his sons."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:2---- 1Sa 16:2 Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:2 But Samuel said, "How can I go? When Saul hears of it, he will kill me." And the Lord said, "Take a heifer with you and say, 'I have come to sacrifice to the Lord.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:3---- 1Sa 16:3 W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:3 You shall invite Jesse to the sacrifice, and I will show you what you shall do; and you shall anoint for Me the one whom I designate to you."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:4---- 1Sa 16:4 Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:4 So Samuel did what the Lord said, and came to Bethlehem. And the elders of the city came trembling to meet him and said, "Do you come in peace?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:5---- 1Sa 16:5 Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:5 He said, "In peace; I have come to sacrifice to the Lord. Consecrate yourselves and come with me to the sacrifice." He also consecrated Jesse and his sons and invited them to the sacrifice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:6---- 1Sa 16:6 Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l': -Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Seyè a chwazi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:6 When they entered, he looked at Eliab and thought, "Surely the Lord's anointed is before Him."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:7---- 1Sa 16:7 Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:7 But the Lord said to Samuel, "Do not look at his appearance or at the height of his stature, because I have rejected him; for God sees not as man sees, for man looks at the outward appearance, but the Lord looks at the heart."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:8---- 1Sa 16:8 Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l' yo, li mennen l' bay Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:8 Then Jesse called Abinadab and made him pass before Samuel. And he said, "The Lord has not chosen this one either."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:9---- 1Sa 16:9 Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:9 Next Jesse made Shammah pass by. And he said, "The Lord has not chosen this one either."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:10---- 1Sa 16:10 Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:10 Thus Jesse made seven of his sons pass before Samuel. But Samuel said to Jesse, "The Lord has not chosen these."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:11---- 1Sa 16:11 Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:11 And Samuel said to Jesse, "Are these all the children?" And he said, "There remains yet the youngest, and behold, he is tending the sheep." Then Samuel said to Jesse, "Send and bring him; for we will not sit down until he comes here."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:12---- 1Sa 16:12 Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:12 So he sent and brought him in. Now he was ruddy, with beautiful eyes and a handsome appearance. And the Lord said, "Arise, anoint him; for this is he."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:13---- 1Sa 16:13 Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:13 Then Samuel took the horn of oil and anointed him in the midst of his brothers; and the Spirit of the Lord came mightily upon David from that day forward. And Samuel arose and went to Ramah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:14---- 1Sa 16:14 Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:14 Now the Spirit of the Lord departed from Saul, and an evil spirit from the Lord terrorized him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:15---- 1Sa 16:15 Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:15 Saul's servants then said to him, "Behold now, an evil spirit from God is terrorizing you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:16---- 1Sa 16:16 Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:16 Let our lord now command your servants who are before you. Let them seek a man who is a skillful player on the harp; and it shall come about when the evil spirit from God is on you, that he shall play the harp with his hand, and you will be well."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:17---- 1Sa 16:17 Sayil di moun k'ap sèvi l' yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:17 So Saul said to his servants, "Provide for me now a man who can play well and bring him to me."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:18---- 1Sa 16:18 Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:18 Then one of the young men said, "Behold, I have seen a son of Jesse the Bethlehemite who is a skillful musician, a mighty man of valor, a warrior, one prudent in speech, and a handsome man; and the Lord is with him."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:19---- 1Sa 16:19 Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:19 So Saul sent messengers to Jesse and said, "Send me your son David who is with the flock."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:20---- 1Sa 16:20 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:20 Jesse took a donkey loaded with bread and a jug of wine and a young goat, and sent them to Saul by David his son.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:21---- 1Sa 16:21 Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l' pou sèvi l'. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l' pou pote zam li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:21 Then David came to Saul and attended him; and Saul loved him greatly, and he became his armor bearer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:22---- 1Sa 16:22 Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:22 Saul sent to Jesse, saying, "Let David now stand before me, for he has found favor in my sight."(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 16:23---- 1Sa 16:23 Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Sa 16:23 So it came about whenever the evil spirit from God came to Saul, David would take the harp and play it with his hand; and Saul would be refreshed and be well, and the evil spirit would depart from him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Samuel 17:1 ---- written 930 B.C. and later---- |
|
THIS CHAPTER:
0252_09_1_Samuel_16_ht-en.html 0248_09_1_Samuel_12_ht-en.html 0249_09_1_Samuel_13_ht-en.html 0250_09_1_Samuel_14_ht-en.html 0251_09_1_Samuel_15_ht-en.html 0253_09_1_Samuel_17_ht-en.html 0254_09_1_Samuel_18_ht-en.html 0255_09_1_Samuel_19_ht-en.html 0256_09_1_Samuel_20_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|