Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Lev 11:47 to make a distinction between the unclean and the clean, and between the edible creature and the creature which is not to be eaten.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:1 ---- written 1450-1410 B.C.----
Lev 12:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:1 Then the Lord spoke to Moses, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:2----
Lev 12:2 -Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:2 "Speak to the sons of Israel, saying:' When a woman gives birth and bears a male child, then she shall be unclean for seven days, as in the days of her menstruation she shall be unclean.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:3----
Lev 12:3 Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:3 On the eighth day the flesh of his foreskin shall be circumcised.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:4----
Lev 12:4 Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:4 Then she shall remain in the blood of her purification for thirty-three days; she shall not touch any consecrated thing, nor enter the sanctuary until the days of her purification are completed.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:5----
Lev 12:5 Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:5 But if she bears a female child, then she shall be unclean for two weeks, as in her menstruation; and she shall remain in the blood of her purification for sixty-six days.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:6----
Lev 12:6 Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:6 'When the days of her purification are completed, for a son or for a daughter, she shall bring to the priest at the doorway of the tent of meeting a one year old lamb for a burnt offering and a young pigeon or a turtledove for a sin offering.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:7----
Lev 12:7 Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:7 Then he shall offer it before the Lord and make atonement for her, and she shall be cleansed from the flow of her blood. This is the law for her who bears a child, whether a male or a female.(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 12:8----
Lev 12:8 Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Lev 12:8 But if she cannot afford a lamb, then she shall take two turtledoves or two young pigeons, the one for a burnt offering and the other for a sin offering; and the priest shall make atonement for her, and she will be clean.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Leviticus 13:1 ---- written 1450-1410 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0102_03_Leviticus_12_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0098_03_Leviticus_08_ht-en.html
0099_03_Leviticus_09_ht-en.html
0100_03_Leviticus_10_ht-en.html
0101_03_Leviticus_11_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0103_03_Leviticus_13_ht-en.html
0104_03_Leviticus_14_ht-en.html
0105_03_Leviticus_15_ht-en.html
0106_03_Leviticus_16_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."