|
================================================================================ ---- Numbers 19:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- Num 19:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:1 Then the Lord spoke to Moses and Aaron, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:2---- Num 19:2 -Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:2 "This is the statute of the law which the Lord has commanded, saying, 'Speak to the sons of Israel that they bring you an unblemished red heifer in which is no defect and on which a yoke has never been placed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:3---- Num 19:3 W'a renmèt Eleaza, prèt la, li. L'a fè l' soti andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi l'a fè yo touye l' devan je li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:3 You shall give it to Eleazar the priest, and it shall be brought outside the camp and be slaughtered in his presence.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:4---- Num 19:4 Apre sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l' kanpe a, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa nan direksyon Tant Randevou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:4 Next Eleazar the priest shall take some of its blood with his finger and sprinkle some of its blood toward the front of the tent of meeting seven times.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:5---- Num 19:5 Lèfini, y'a boule tout bèt la nèt devan je prèt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:5 Then the heifer shall be burned in his sight; its hide and its flesh and its blood, with its refuse, shall be burned.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:6---- Num 19:6 Prèt la va pran kèk moso bwa sèd, kèk branch izòp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazèl la ap boule a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:6 The priest shall take cedar wood and hyssop and scarlet material and cast it into the midst of the burning heifer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:7---- Num 19:7 Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:7 The priest shall then wash his clothes and bathe his body in water, and afterward come into the camp, but the priest shall be unclean until evening.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:8---- Num 19:8 Moun ki te boule gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:8 The one who burns it shall also wash his clothes in water and bathe his body in water, and shall be unclean until evening.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:9---- Num 19:9 Yon lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye va ranmase tout sann gazèl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:9 Now a man who is clean shall gather up the ashes of the heifer and deposit them outside the camp in a clean place, and the congregation of the sons of Israel shall keep it as water to remove impurity; it is purification from sin.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:10---- Num 19:10 Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:10 The one who gathers the ashes of the heifer shall wash his clothes and be unclean until evening; and it shall be a perpetual statute to the sons of Israel and to the alien who sojourns among them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:11---- Num 19:11 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:11 'The one who touches the corpse of any person shall be unclean for seven days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:12---- Num 19:12 L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:12 That one shall purify himself from uncleanness with the water on the third day and on the seventh day, and then he will be clean; but if he does not purify himself on the third day and on the seventh day, he will not be clean.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:13---- Num 19:13 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:13 Anyone who touches a corpse, the body of a man who has died, and does not purify himself, defiles the tabernacle of the Lord; and that person shall be cut off from Israel. Because the water for impurity was not sprinkled on him, he shall be unclean; his uncleanness is still on him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:14---- Num 19:14 Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:14 'This is the law when a man dies in a tent: everyone who comes into the tent and everyone who is in the tent shall be unclean for seven days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:15---- Num 19:15 Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li p'ap ka sèvi pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:15 Every open vessel, which has no covering tied down on it, shall be unclean.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:16---- Num 19:16 Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:16 Also, anyone who in the open field touches one who has been slain with a sword or who has died naturally, or a human bone or a grave, shall be unclean for seven days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:17---- Num 19:17 Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:17 Then for the unclean person they shall take some of the ashes of the burnt purification from sin and flowing water shall be added to them in a vessel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:18---- Num 19:18 Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:18 A clean person shall take hyssop and dip it in the water, and sprinkle it on the tent and on all the furnishings and on the persons who were there, and on the one who touched the bone or the one slain or the one dying naturally or the grave.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:19---- Num 19:19 Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:19 Then the clean person shall sprinkle on the unclean on the third day and on the seventh day; and on the seventh day he shall purify him from uncleanness, and he shall wash his clothes and bathe himself in water and shall be clean by evening.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:20---- Num 19:20 Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:20 'But the man who is unclean and does not purify himself from uncleanness, that person shall be cut off from the midst of the assembly, because he has defiled the sanctuary of the Lord; the water for impurity has not been sprinkled on him, he is unclean.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:21---- Num 19:21 Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lòt la pou mete l' nan bon kondisyon an, va gen pou l' lave rad ki te sou l' a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk nan aswè menm jou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:21 So it shall be a perpetual statute for them. And he who sprinkles the water for impurity shall wash his clothes, and he who touches the water for impurity shall be unclean until evening.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 19:22---- Num 19:22 Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye jouk aswè rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Num 19:22 Furthermore, anything that the unclean person touches shall be unclean; and the person who touches it shall be unclean until evening.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Numbers 20:1 ---- written 1450-1410 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0136_04_Numbers_19_ht-en.html 0132_04_Numbers_15_ht-en.html 0133_04_Numbers_16_ht-en.html 0134_04_Numbers_17_ht-en.html 0135_04_Numbers_18_ht-en.html 0137_04_Numbers_20_ht-en.html 0138_04_Numbers_21_ht-en.html 0139_04_Numbers_22_ht-en.html 0140_04_Numbers_23_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|