|
================================================================================ ---- Deuteronomy 4:1---- Deu 4:1 Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:1 "Now, O Israel, listen to the statutes and the judgments which I am teaching you to perform, so that you may live and go in and take possession of the land which the Lord, the God of your fathers, is giving you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:2---- Deu 4:2 Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:2 You shall not add to the word which I am commanding you, nor take away from it, that you may keep the commandments of the Lord your God which I command you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:3---- Deu 4:3 Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:3 Your eyes have seen what the Lord has done in the case of Baal-peor, for all the men who followed Baal-peor, the Lord your God has destroyed them from among you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:4---- Deu 4:4 Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:4 But you who held fast to the Lord your God are alive today, every one of you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:5---- Deu 4:5 Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:5 "See, I have taught you statutes and judgments just as the Lord my God commanded me, that you should do thus in the land where you are entering to possess it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:6---- Deu 4:6 Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:6 So keep and do them, for that is your wisdom and your understanding in the sight of the peoples who will hear all these statutes and say, 'Surely this great nation is a wise and understanding people.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:7---- Deu 4:7 Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:7 For what great nation is there that has a god so near to it as is the Lord our God whenever we call on Him?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:8---- Deu 4:8 Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:8 Or what great nation is there that has statutes and judgments as righteous as this whole law which I am setting before you today?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:9---- Deu 4:9 Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:9 "Only give heed to yourself and keep your soul diligently, so that you do not forget the things which your eyes have seen and they do not depart from your heart all the days of your life; but make them known to your sons and your grandsons.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:10---- Deu 4:10 Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:10 Remember the day you stood before the Lord your God at Horeb, when the Lord said to me, 'Assemble the people to Me, that I may let them hear My words so they may learn to fear Me all the days they live on the earth, and that they may teach their children.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:11---- Deu 4:11 N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:11 You came near and stood at the foot of the mountain, and the mountain burned with fire to the very heart of the heavens: darkness, cloud and thick gloom.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:12---- Deu 4:12 Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:12 Then the Lord spoke to you from the midst of the fire; you heard the sound of words, but you saw no form--only a voice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:13---- Deu 4:13 Seyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:13 So He declared to you His covenant which He commanded you to perform, that is, the Ten Commandments; and He wrote them on two tablets of stone.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:14---- Deu 4:14 Lè sa a, Seyè a pase m' lòd pou m' moutre nou tout lwa ak tout prensip nou gen pou nou swiv nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:14 The Lord commanded me at that time to teach you statutes and judgments, that you might perform them in the land where you are going over to possess it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:15---- Deu 4:15 Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:15 "So watch yourselves carefully, since you did not see any form on the day the Lord spoke to you at Horeb from the midst of the fire,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:16---- Deu 4:16 Piga nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n' al fè ankenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:16 so that you do not act corruptly and make a graven image for yourselves in the form of any figure, the likeness of male or female,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:17---- Deu 4:17 kit li gen fòm zannimo oswa fòm zwazo,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:17 the likeness of any animal that is on the earth, the likeness of any winged bird that flies in the sky,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:18---- Deu 4:18 kit li gen fòm bèt k'ap trennen sou vant yo osinon fòm pwason.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:18 the likeness of anything that creeps on the ground, the likeness of any fish that is in the water below the earth.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:19---- Deu 4:19 Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:19 And beware not to lift up your eyes to heaven and see the sun and the moon and the stars, all the host of heaven, and be drawn away and worship them and serve them, those which the Lord your God has allotted to all the peoples under the whole heaven.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:20---- Deu 4:20 Kanta nou menm, Seyè a te pran nou, li fè nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye koulye a: yon pèp ki rele l' pa l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:20 But the Lord has taken you and brought you out of the iron furnace, from Egypt, to be a people for His own possession, as today.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:21---- Deu 4:21 Men, Seyè a, Bondye nou an, te fache sou mwen poutèt nou. Li fè sèman li p'ap kite m' janbe lòt bò larivyè Jouden an, ni li p'ap kite m' mete pwent pye m' nan bon peyi li menm, Seyè a, Bondye nou an, ap fè nou kado a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:21 "Now the Lord was angry with me on your account, and swore that I would not cross the Jordan, and that I would not enter the good land which the Lord your God is giving you as an inheritance.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:22---- Deu 4:22 Se konsa, mwen menm, m'ap mouri bò isit la, mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lòt bò larivyè a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:22 For I will die in this land, I shall not cross the Jordan, but you shall cross and take possession of this good land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:23---- Deu 4:23 Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè ankenn zidòl, ankenn pòtre bagay Seyè a, Bondye nou an, te defann nou fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:23 So watch yourselves, that you do not forget the covenant of the Lord your God which He made with you, and make for yourselves a graven image in the form of anything against which the Lord your God has commanded you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:24---- Deu 4:24 Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:24 For the Lord your God is a consuming fire, a jealous God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:25---- Deu 4:25 Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:25 "When you become the father of children and children's children and have remained long in the land, and act corruptly, and make an idol in the form of anything, and do that which is evil in the sight of the Lord your God so as to provoke Him to anger,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:26---- Deu 4:26 Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:26 I call heaven and earth to witness against you today, that you will surely perish quickly from the land where you are going over the Jordan to possess it. You shall not live long on it, but will be utterly destroyed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:27---- Deu 4:27 Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:27 The Lord will scatter you among the peoples, and you will be left few in number among the nations where the Lord drives you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:28---- Deu 4:28 Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:28 There you will serve gods, the work of man's hands, wood and stone, which neither see nor hear nor eat nor smell.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:29---- Deu 4:29 Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:29 But from there you will seek the Lord your God, and you will find Him if you search for Him with all your heart and all your soul.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:30---- Deu 4:30 Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:30 When you are in distress and all these things have come upon you, in the latter days you will return to the Lord your God and listen to His voice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:31---- Deu 4:31 Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:31 For the Lord your God is a compassionate God; He will not fail you nor destroy you nor forget the covenant with your fathers which He swore to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:32---- Deu 4:32 Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:32 "Indeed, ask now concerning the former days which were before you, since the day that God created man on the earth, and inquire from one end of the heavens to the other. Has anything been done like this great thing, or has anything been heard like it?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:33---- Deu 4:33 Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:33 Has any people heard the voice of God speaking from the midst of the fire, as you have heard it, and survived?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:34---- Deu 4:34 Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:34 Or has a god tried to go to take for himself a nation from within another nation by trials, by signs and wonders and by war and by a mighty hand and by an outstretched arm and by great terrors, as the Lord your God did for you in Egypt before your eyes?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:35---- Deu 4:35 Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:35 To you it was shown that you might know that the Lord, He is God; there is no other besides Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:36---- Deu 4:36 Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:36 Out of the heavens He let you hear His voice to discipline you; and on earth He let you see His great fire, and you heard His words from the midst of the fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:37---- Deu 4:37 Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:37 Because He loved your fathers, therefore He chose their descendants after them. And He personally brought you from Egypt by His great power,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:38---- Deu 4:38 Lèfini, li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:38 driving out from before you nations greater and mightier than you, to bring you in and to give you their land for an inheritance, as it is today.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:39---- Deu 4:39 Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:39 Know therefore today, and take it to your heart, that the Lord, He is God in heaven above and on the earth below; there is no other.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:40---- Deu 4:40 Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:40 So you shall keep His statutes and His commandments which I am giving you today, that it may go well with you and with your children after you, and that you may live long on the land which the Lord your God is giving you for all time."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:41---- Deu 4:41 Apre sa, Moyiz chwazi twa lavil lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:41 Then Moses set apart three cities across the Jordan to the east,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:42---- Deu 4:42 lavil kote moun gen dwa kouri al kache si li ta touye yon moun pèp Izrayèl parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'. Li gen dwa al kache kò l' nan yonn nan lavil sa yo pou yo pa touye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:42 that a manslayer might flee there, who unintentionally slew his neighbor without having enmity toward him in time past; and by fleeing to one of these cities he might live:(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:43---- Deu 4:43 Pou moun branch fanmi Woubenn yo, se te lavil Bezè nan dezè ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramòt nan zòn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:43 Bezer in the wilderness on the plateau for the Reubenites, and Ramoth in Gilead for the Gadites, and Golan in Bashan for the Manassites.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:44---- Deu 4:44 Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:44 Now this is the law which Moses set before the sons of Israel;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:45---- Deu 4:45 Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:45 these are the testimonies and the statutes and the ordinances which Moses spoke to the sons of Israel, when they came out from Egypt,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:46---- Deu 4:46 Lè sa a, yo te deja rive lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, nan fon ki anfas Bètpeyò a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo te bat li apre yo te fin soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:46 across the Jordan, in the valley opposite Beth-peor, in the land of Sihon king of the Amorites who lived at Heshbon, whom Moses and the sons of Israel defeated when they came out from Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:47---- Deu 4:47 Yo pran peyi a nan men l'. Yo fè menm bagay la tou nan peyi Bazan, kote wa Og t'ap gouvènen an. De wa peyi Amori sa yo t'ap viv lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:47 They took possession of his land and the land of Og king of Bashan, the two kings of the Amorites, who were across the Jordan to the east,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:48---- Deu 4:48 Peyi yo te pran an te konmanse depi lavil Awoyè ki sou tèt falèz toupre larivyè Anon an, li rive jouk mòn Siryon. Yo rele mòn sa a mòn Emon tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:48 from Aroer, which is on the edge of the valley of Arnon, even as far as Mount Sion (that is, Hermon),(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 4:49---- Deu 4:49 Yo te pran tou tout zòn Araba a, ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an, rive lanmè Mouri a nan pye mòn Pisga.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 4:49 with all the Arabah across the Jordan to the east, even as far as the sea of the Arabah, at the foot of the slopes of Pisgah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 5:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0157_05_Deuteronomy_04_ht-en.html 0153_04_Numbers_36_ht-en.html 0154_05_Deuteronomy_01_ht-en.html 0155_05_Deuteronomy_02_ht-en.html 0156_05_Deuteronomy_03_ht-en.html 0158_05_Deuteronomy_05_ht-en.html 0159_05_Deuteronomy_06_ht-en.html 0160_05_Deuteronomy_07_ht-en.html 0161_05_Deuteronomy_08_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|