Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Ch 22:12 He was hidden with them in the house of God six years while Athaliah reigned over the land.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:1 ---- written 450-425 B.C.----
2Ch 23:1 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l' fè sa pou l' fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:1 Now in the seventh year Jehoiada strengthened himself, and took captains of hundreds: Azariah the son of Jeroham, Ishmael the son of Johanan, Azariah the son of Obed, Maaseiah the son of Adaiah, and Elishaphat the son of Zichri, and they entered into a covenant with him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:2----
2Ch 23:2 Mesye sa yo vwayaje ale nan tout lavil peyi Jida yo, yo al chache moun Levi yo ak tout chèf fanmi yo, fè yo moute lavil Jerizalèm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:2 They went throughout Judah and gathered the Levites from all the cities of Judah, and the heads of the fathers' households of Israel, and they came to Jerusalem.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:3----
2Ch 23:3 Yo tout reyini nan Tanp lan. Yo pase yon kontra ak wa Joas, lèfini Jeojada di yo: -Men pitit gason defen wa nou an. Se li menm ki pral gouvènen koulye a jan Seyè a te pwomèt fanmi David la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:3 Then all the assembly made a covenant with the king in the house of God. And Jehoiada said to them, "Behold, the king's son shall reign, as the Lord has spoken concerning the sons of David.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:4----
2Ch 23:4 Men sa nou pral fè: Lè prèt yo ak moun Levi yo va vin pran pòs jou repo a, y'a separe fè twa gwoup menm fòs. Yon gwoup va fè pòs nan pòtay Tanp lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:4 This is the thing which you shall do: one third of you, of the priests and Levites who come in on the sabbath, shall be gatekeepers,(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:5----
2Ch 23:5 Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Rès yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:5 and one third shall be at the king's house, and a third at the Gate of the Foundation; and all the people shall be in the courts of the house of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:6----
2Ch 23:6 Pa kite pesonn antre anndan Tanp lan, esepte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gen dwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:6 But let no one enter the house of the Lord except the priests and the ministering Levites; they may enter, for they are holy. And let all the people keep the charge of the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:7----
2Ch 23:7 Moun Levi yo va fè yon wonn ak wa a nan mitan yo. Y'a kenbe zam yo nan men yo. Kote wa a va fè, y'a mache avè l' nan pozisyon sa a. Si yon moun ta vle seye antre nan Tanp lan, touye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:7 The Levites will surround the king, each man with his weapons in his hand; and whoever enters the house, let him be killed. Thus be with the king when he comes in and when he goes out."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:8----
2Ch 23:8 Moun Levi yo ak tout moun peyi Jida yo fè tou sa Jeojada te ba yo lòd fè a. Jeojada, prèt la, pa t' kite gwoup ki te fin fè sèvis yo jou repo a ale. Konsa, kaptenn lame yo te gen avèk yo ni sa ki t'ap vin pran sèvis, ni sa ki te fin fè sèvis yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:8 So the Levites and all Judah did according to all that Jehoiada the priest commanded. And each one of them took his men who were to come in on the sabbath, with those who were to go out on the sabbath, for Jehoiada the priest did not dismiss any of the divisions.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:9----
2Ch 23:9 Jeojada bay kaptenn lame yo frenn ak divès plak pwotèj wa David yo ki te sere nan Tanp Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:9 Then Jehoiada the priest gave to the captains of hundreds the spears and the large and small shields which had been King David's, which were in the house of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:10----
2Ch 23:10 Li mete moun ak nepe nan men yo sou tout devan Tanp lan ak devan lotèl la, depi sou bò gòch rive sou bò dwat Tanp lan pou pwoteje wa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:10 He stationed all the people, each man with his weapon in his hand, from the right side of the house to the left side of the house, by the altar and by the house, around the king.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:11----
2Ch 23:11 Lèfini, li fè Joas, pitit wa a, soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li pase ti chenn yo nan ponyèt li ak nan janm li. Yo fè l' wa. Jeojada, prèt la, ak pitit li yo vide lwil sou tèt Joas pou mete l' apa pou travay la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:11 Then they brought out the king's son and put the crown on him, and gave him the testimony and made him king. And Jehoiada and his sons anointed him and said, "Long live the king!"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:12----
2Ch 23:12 Lè Atali tande bri pye pèp la ki t'ap kouri epi ki t'ap bat bravo pou wa a, li prese al nan Tanp kote pèp la te ye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:12 When Athaliah heard the noise of the people running and praising the king, she came into the house of the Lord to the people.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:13----
2Ch 23:13 Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l'. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: -Men yo moute yon konplo sou do m'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:13 She looked, and behold, the king was standing by his pillar at the entrance, and the captains and the trumpeters were beside the king. And all the people of the land rejoiced and blew trumpets, the singers with their musical instruments leading the praise. Then Athaliah tore her clothes and said, "Treason! Treason!"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:14----
2Ch 23:14 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd, li di yo: -Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè ki ta vle swiv li. Prèt la te bay lòd pou yo pa touye Atali anndan Tanp Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:14 Jehoiada the priest brought out the captains of hundreds who were appointed over the army and said to them, "Bring her out between the ranks; and whoever follows her, put to death with the sword." For the priest said, "Let her not be put to death in the house of the Lord."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:15----
2Ch 23:15 Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:15 So they seized her, and when she arrived at the entrance of the Horse Gate of the king's house, they put her to death there.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:16----
2Ch 23:16 Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:16 Then Jehoiada made a covenant between himself and all the people and the king, that they would be the Lord's people.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:17----
2Ch 23:17 Lè yo fini, tout pèp la ale nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati li yo. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:17 And all the people went to the house of Baal and tore it down, and they broke in pieces his altars and his images, and killed Mattan the priest of Baal before the altars.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:18----
2Ch 23:18 Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Seyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sèvis pou boule nèt ofrann pou Seyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:18 Moreover, Jehoiada placed the offices of the house of the Lord under the authority of the Levitical priests, whom David had assigned over the house of the Lord, to offer the burnt offerings of the Lord, as it is written in the law of Moses--with rejoicing and singing according to the order of David.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:19----
2Ch 23:19 Jeojada mete gad an faksyon devan pòtay Tanp lan pou enpoze moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a antre.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:19 He stationed the gatekeepers of the house of the Lord, so that no one would enter who was in any way unclean.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:20----
2Ch 23:20 Apre sa, li pran kaptenn yo, notab yo, otorite yo ak tout rès pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, yo mennen l' ale nan palè a. Yo pase antre nan pòtay Wa a. Lèfini, yo fè wa a chita sou fotèy li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:20 He took the captains of hundreds, the nobles, the rulers of the people and all the people of the land, and brought the king down from the house of the Lord, and came through the upper gate to the king's house. And they placed the king upon the royal throne.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 23:21----
2Ch 23:21 Tout pèp la te kontan anpil. Pat gen yon ti bri nan lavil la depi yo te fin touye Atali ak kout nepe a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 23:21 So all of the people of the land rejoiced and the city was quiet. For they had put Athaliah to death with the sword.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 24:1 ---- written 450-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0390_14_2_Chronicles_23_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0386_14_2_Chronicles_19_ht-en.html
0387_14_2_Chronicles_20_ht-en.html
0388_14_2_Chronicles_21_ht-en.html
0389_14_2_Chronicles_22_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0391_14_2_Chronicles_24_ht-en.html
0392_14_2_Chronicles_25_ht-en.html
0393_14_2_Chronicles_26_ht-en.html
0394_14_2_Chronicles_27_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."