Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Isa 44:28 "It is I who says of Cyrus, 'He is My shepherd! And he will perform all My desire.'And he declares of Jerusalem, 'She will be built, 'And of the temple, 'Your foundation will be laid.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----
Isa 45:1 Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:1 Thus says the Lord to Cyrus His anointed, Whom I have taken by the right hand, To subdue nations before him And to loose the loins of kings; To open doors before him so that gates will not be shut:(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:2----
Isa 45:2 -Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:2 "I will go before you and make the rough places smooth; I will shatter the doors of bronze and cut through their iron bars.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:3----
Isa 45:3 M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:3 "I will give you the treasures of darkness And hidden wealth of secret places, So that you may know that it is I, The Lord, the God of Israel, who calls you by your name.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:4----
Isa 45:4 Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m' yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pa t' konnen m' lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:4 "For the sake of Jacob My servant, And Israel My chosen one, I have also called you by your name; I have given you a title of honor Though you have not known Me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:5----
Isa 45:5 Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pa t' konnen m' lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:5 "I am the Lord, and there is no other; Besides Me there is no God. I will gird you, though you have not known Me;(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:6----
Isa 45:6 Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:6 That men may know from the rising to the setting of the sun That there is no one besides Me. I am the Lord, and there is no other,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:7----
Isa 45:7 Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:7 The One forming light and creating darkness, Causing well-being and creating calamity; I am the Lord who does all these.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:8----
Isa 45:8 M'ap rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l' pou resevwa l'. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Seyè a k'ap fè tou sa rive.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:8 "Drip down, O heavens, from above, And let the clouds pour down righteousness; Let the earth open up and salvation bear fruit, And righteousness spring up with it. I, the Lord, have created it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:9----
Isa 45:9 Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:9 "Woe to the one who quarrels with his Maker" An earthenware vessel among the vessels of earth! Will the clay say to the potter, 'What are you doing?'Or the thing you are making say, 'He has no hands'?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:10----
Isa 45:10 Madichon pou pitit k'ap di papa l' ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l' ki kalite pitit ou met sou latè a la a!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:10 "Woe to him who says to a father, 'What are you begetting?' Or to a woman, 'To what are you giving birth?'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:11----
Isa 45:11 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l' la, men sa li di: -N'ap mande m' sa m' pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m' sa pou m' fè?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:11 Thus says the Lord, the Holy One of Israel, and his Maker: "Ask Me about the things to come concerning My sons, And you shall commit to Me the work of My hands.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:12----
Isa 45:12 Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:12 "It is I who made the earth, and created man upon it. I stretched out the heavens with My hands And I ordained all their host.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:13----
Isa 45:13 Se mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè. M'ap louvri tout wout devan li. Se li menm ki pral rebati lavil mwen an. L'ap fè moun pa m' yo te depòte yo tounen lakay yo san yo pa bezwen peye anyen, ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:13 "I have aroused him in righteousness And I will make all his ways smooth; He will build My city and will let My exiles go free, Without any payment or reward," says the Lord of hosts.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:14----
Isa 45:14 Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:14 Thus says the Lord, "The products of Egypt and the merchandise of Cush And the Sabeans, men of stature, Will come over to you and will be yours; They will walk behind you, they will come over in chains And will bow down to you; They will make supplication to you: 'Surely, God is with you, and there is none else, No other God.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:15----
Isa 45:15 Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:15 Truly, You are a God who hides Himself, O God of Israel, Savior!(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:16----
Isa 45:16 Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:16 They will be put to shame and even humiliated, all of them; The manufacturers of idols will go away together in humiliation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:17----
Isa 45:17 Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:17 Israel has been saved by the Lord With an everlasting salvation; You will not be put to shame or humiliated To all eternity.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:18----
Isa 45:18 Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:18 For thus says the Lord, who created the heavens (He is the God who formed the earth and made it, He established it and did not create it a waste place, but formed it to be inhabited)," I am the Lord, and there is none else.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:19----
Isa 45:19 Se pa an kachèt mwen te pale, ni nan yon kote ki fè nwa. Mwen pa t' di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Seyè a mwen ye. Mwen pale laverite, mwen fè konnen sa ki dwe fèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:19 "I have not spoken in secret, In some dark land; I did not say to the offspring of Jacob, 'Seek Me in a waste place'; I, the Lord, speak righteousness, Declaring things that are upright.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:20----
Isa 45:20 Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:20 "Gather yourselves and come; Draw near together, you fugitives of the nations; They have no knowledge, Who carry about their wooden idol And pray to a god who cannot save.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:21----
Isa 45:21 Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:21 "Declare and set forth your case; Indeed, let them consult together. Who has announced this from of old? Who has long since declared it? Is it not I, the Lord? And there is no other God besides Me, A righteous God and a Savior; There is none except Me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:22----
Isa 45:22 Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:22 "Turn to Me and be saved, all the ends of the earth; For I am God, and there is no other.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:23----
Isa 45:23 Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:23 "I have sworn by Myself, The word has gone forth from My mouth in righteousness And will not turn back, That to Me every knee will bow, every tongue will swear allegiance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:24----
Isa 45:24 Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:24 "They will say of Me, 'Only in the Lord are righteousness and strength.' Men will come to Him, And all who were angry at Him will be put to shame.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 45:25----
Isa 45:25 Men, gremesi Seyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 45:25 "In the Lord all the offspring of Israel Will be justified and will glory."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 46:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0724_23_Isaiah_45_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0720_23_Isaiah_41_ht-en.html
0721_23_Isaiah_42_ht-en.html
0722_23_Isaiah_43_ht-en.html
0723_23_Isaiah_44_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0725_23_Isaiah_46_ht-en.html
0726_23_Isaiah_47_ht-en.html
0727_23_Isaiah_48_ht-en.html
0728_23_Isaiah_49_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."