|
================================================================================ ---- Isaiah 47:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 47:1 Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:1 "Come down and sit in the dust, O virgin daughter of Babylon; Sit on the ground without a throne, O daughter of the Chaldeans! For you shall no longer be called tender and delicate.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:2---- Isa 47:2 Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:2 "Take the millstones and grind meal. Remove your veil, strip off the skirt, Uncover the leg, cross the rivers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:3---- Isa 47:3 Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:3 "Your nakedness will be uncovered, Your shame also will be exposed; I will take vengeance and will not spare a man."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:4---- Isa 47:4 Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:4 Our Redeemer, the Lord of hosts is His name, The Holy One of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:5---- Isa 47:5 Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:5 "Sit silently, and go into darkness, O daughter of the Chaldeans, For you will no longer be called The queen of kingdoms.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:6---- Isa 47:6 Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:6 "I was angry with My people, I profaned My heritage And gave them into your hand. You did not show mercy to them, On the aged you made your yoke very heavy.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:7---- Isa 47:7 Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:7 "Yet you said, 'I will be a queen forever.'These things you did not consider Nor remember the outcome of them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:8---- Isa 47:8 Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:8 "Now, then, hear this, you sensual one, Who dwells securely, Who says in your heart, 'I am, and there is no one besides me. I will not sit as a widow, Nor know loss of children.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:9---- Isa 47:9 Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:9 "But these two things will come on you suddenly in one day: Loss of children and widowhood. They will come on you in full measure In spite of your many sorceries, In spite of the great power of your spells.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:10---- Isa 47:10 Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:10 "You felt secure in your wickedness and said, 'No one sees me, 'Your wisdom and your knowledge, they have deluded you; For you have said in your heart, 'I am, and there is no one besides me.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:11---- Isa 47:11 Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:11 "But evil will come on you Which you will not know how to charm away; And disaster will fall on you For which you cannot atone; And destruction about which you do not know Will come on you suddenly.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:12---- Isa 47:12 Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:12 "Stand fast now in your spells And in your many sorceries With which you have labored from your youth; Perhaps you will be able to profit, Perhaps you may cause trembling.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:13---- Isa 47:13 Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:13 "You are wearied with your many counsels; Let now the astrologers, Those who prophesy by the stars, Those who predict by the new moons, Stand up and save you from what will come upon you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:14---- Isa 47:14 Yo tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo. Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo. Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:14 "Behold, they have become like stubble, Fire burns them; They cannot deliver themselves from the power of the flame; There will be no coal to warm by Nor a fire to sit before!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 47:15---- Isa 47:15 Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 47:15 "So have those become to you with whom you have labored, Who have trafficked with you from your youth; Each has wandered in his own way; There is none to save you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 48:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0726_23_Isaiah_47_ht-en.html 0722_23_Isaiah_43_ht-en.html 0723_23_Isaiah_44_ht-en.html 0724_23_Isaiah_45_ht-en.html 0725_23_Isaiah_46_ht-en.html 0727_23_Isaiah_48_ht-en.html 0728_23_Isaiah_49_ht-en.html 0729_23_Isaiah_50_ht-en.html 0730_23_Isaiah_51_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|