|
================================================================================ ---- Ezekiel 5:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 5:1 Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:1 "As for you, son of man, take a sharp sword; take and use it as a barber's razor on your head and beard. Then take scales for weighing and divide the hair.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:2---- Eze 5:2 Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:2 One third you shall burn in the fire at the center of the city, when the days of the siege are completed. Then you shall take one third and strike it with the sword all around the city, and one third you shall scatter to the wind; and I will unsheathe a sword behind them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:3---- Eze 5:3 W'a sere yon ponyen cheve, w'a koud li nan woulèt rad ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:3 Take also a few in number from them and bind them in the edges of your robes.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:4---- Eze 5:4 Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:4 Take again some of them and throw them into the fire and burn them in the fire; from it a fire will spread to all the house of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:5---- Eze 5:5 Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: -Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l' kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:5 "Thus says the Lord God, 'This is Jerusalem; I have set her at the center of the nations, with lands around her.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:6---- Eze 5:6 Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:6 But she has rebelled against My ordinances more wickedly than the nations and against My statutes more than the lands which surround her; for they have rejected My ordinances and have not walked in My statutes.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:7---- Eze 5:7 Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m' te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:7 Therefore, thus says the Lord God, 'Because you have more turmoil than the nations which surround you and have not walked in My statutes, nor observed My ordinances, nor observed the ordinances of the nations which surround you,'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:8---- Eze 5:8 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:8 therefore, thus says the Lord God, 'Behold, I, even I, am against you, and I will execute judgments among you in the sight of the nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:9---- Eze 5:9 N'ap fè yon bann bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa m'ap pini lavil Jerizalèm jan mwen poko janm pini l', jan mwen p'ap janm pini l' ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:9 And because of all your abominations, I will do among you what I have not done, and the like of which I will never do again.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:10---- Eze 5:10 Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:10 Therefore, fathers will eat their sons among you, and sons will eat their fathers; for I will execute judgments on you and scatter all your remnant to every wind.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:11---- Eze 5:11 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:11 So as I live,' declares the Lord God, 'surely, because you have defiled My sanctuary with all your detestable idols and with all your abominations, therefore I will also withdraw, and My eye will have no pity and I will not spare.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:12---- Eze 5:12 Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:12 One third of you will die by plague or be consumed by famine among you, one third will fall by the sword around you, and one third I will scatter to every wind, and I will unsheathe a sword behind them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:13---- Eze 5:13 M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:13 'Thus My anger will be spent and I will satisfy My wrath on them, and I will be appeased; then they will know that I, the Lord, have spoken in My zeal when I have spent My wrath upon them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:14---- Eze 5:14 M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:14 Moreover, I will make you a desolation and a reproach among the nations which surround you, in the sight of all who pass by.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:15---- Eze 5:15 Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:15 So it will be a reproach, a reviling, a warning and an object of horror to the nations who surround you when I execute judgments against you in anger, wrath and raging rebukes. I, the Lord, have spoken.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:16---- Eze 5:16 M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:16 When I send against them the deadly arrows of famine which were for the destruction of those whom I will send to destroy you, then I will also intensify the famine upon you and break the staff of bread.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 5:17---- Eze 5:17 M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 5:17 Moreover, I will send on you famine and wild beasts, and they will bereave you of children; plague and bloodshed also will pass through you, and I will bring the sword on you. I, the Lord, have spoken.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 6:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0807_26_Ezekiel_05_ht-en.html 0803_26_Ezekiel_01_ht-en.html 0804_26_Ezekiel_02_ht-en.html 0805_26_Ezekiel_03_ht-en.html 0806_26_Ezekiel_04_ht-en.html 0808_26_Ezekiel_06_ht-en.html 0809_26_Ezekiel_07_ht-en.html 0810_26_Ezekiel_08_ht-en.html 0811_26_Ezekiel_09_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|