|
================================================================================ ---- Revelation 1:1 ---- written 90 A.D.---- Rev 1:1 Men revelasyon Bondye te bay Jezikri pou l' te fè sèvitè l' yo konnen sa ki gen pou rive anvan lontan. Se Kris la menm ki voye zanj li bò kot Jan, sèvitè l' la, pou fè l' konnen tout bagay sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:1 The Revelation of Jesus Christ, which God gave Him to show to His bond-servants, the things which must soon take place; and He sent and communicated it by His angel to His bond-servant John,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:2---- Rev 1:2 Se menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesaj ki soti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l' konnen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:2 who testified to the word of God and to the testimony of Jesus Christ, even to all that he saw.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:3---- Rev 1:3 Benediksyon pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesaj sa a ki soti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:3 Blessed is he who reads and those who hear the words of the prophecy, and heed the things which are written in it; for the time is near.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:4---- Rev 1:4 Se mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo. M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki soti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki soti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fotèy li a,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:4 John to the seven churches that are in Asia: Grace to you and peace, from Him who is and who was and who is to come, and from the seven Spirits who are before His throne,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:5---- Rev 1:5 benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:5 and from Jesus Christ, the faithful witness, the firstborn of the dead, and the ruler of the kings of the earth. To Him who loves us and released us from our sins by His blood--(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:6---- Rev 1:6 Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:6 and He has made us to be a kingdom, priests to His God and Father--to Him be the glory and the dominion forever and ever. Amen.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:7---- Rev 1:7 Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:7 BEHOLD, HE IS COMING WITH THE CLOUDS, and every eye will see Him, even those who pierced Him; and all the tribes of the earth will mourn over Him. So it is to be. Amen.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:8---- Rev 1:8 Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:8 "I am the Alpha and the Omega," says the Lord God, "who is and who was and who is to come, the Almighty."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:9---- Rev 1:9 Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M'ap pataje tout bagay ak nou, kit se soufrans nou, kit se gouvènman Bondye ki wa a, kit se pasians Jezi ban nou an. Yo te ban mwen yon lil yo rele Patmòs pou prizon paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a ansanm ak verite Jezi te moutre a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:9 I, John, your brother and fellow partaker in the tribulation and kingdom and perseverance which are in Jesus, was on the island called Patmos because of the word of God and the testimony of Jesus.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:10---- Rev 1:10 Yon jou dimanch, jou Mèt la menm, Lespri Bondye a pran m', mwen tande yon gwo vwa dèyè do m' ki sonnen tankou yon klewon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:10 I was in the Spirit on the Lord's day, and I heard behind me a loud voice like the sound of a trumpet,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:11---- Rev 1:11 Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:11 saying, "Write in a book what you see, and send it to the seven churches: to Ephesus and to Smyrna and to Pergamum and to Thyatira and to Sardis and to Philadelphia and to Laodicea."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:12---- Rev 1:12 M' vire pou m' wè ki moun ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe,(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:12 Then I turned to see the voice that was speaking with me. And having turned I saw seven golden lampstands;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:13---- Rev 1:13 ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:13 and in the middle of the lampstands I saw one like a son of man, clothed in a robe reaching to the feet, and girded across His chest with a golden sash.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:14---- Rev 1:14 Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:14 His head and His hair were white like white wool, like snow; and His eyes were like a flame of fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:15---- Rev 1:15 Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:15 His feet were like burnished bronze, when it has been made to glow in a furnace, and His voice was like the sound of many waters.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:16---- Rev 1:16 Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:16 In His right hand He held seven stars, and out of His mouth came a sharp two-edged sword; and His face was like the sun shining in its strength.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:17---- Rev 1:17 Lè mwen wè l', mwen tonbe nan pie l' tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m' konsa: Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premie, se mwen ki dènye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:17 When I saw Him, I fell at His feet like a dead man. And He placed His right hand on me, saying, "Do not be afraid; I am the first and the last,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:18---- Rev 1:18 Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:18 and the living One; and I was dead, and behold, I am alive forevermore, and I have the keys of death and of Hades.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:19---- Rev 1:19 Ekri tou sa ou wè a: ni sa k'ap pase koulye a, ni sa ki gen pou rive apre.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:19 Therefore write the things which you have seen, and the things which are, and the things which will take place after these things.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 1:20---- Rev 1:20 Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Rev 1:20 As for the mystery of the seven stars which you saw in My right hand, and the seven golden lampstands: the seven stars are the angels of the seven churches, and the seven lampstands are the seven churches.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Revelation 2:1 ---- written 90 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1168_66_Revelation_01_ht-en.html 1164_62_1_John_05_ht-en.html 1165_63_2_John_01_ht-en.html 1166_64_3_John_01_ht-en.html 1167_65_Jude_ht-en.html 1169_66_Revelation_02_ht-en.html 1170_66_Revelation_03_ht-en.html 1171_66_Revelation_04_ht-en.html 1172_66_Revelation_05_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|