|
================================================================================ ---- Nehemiah 8:1 ---- written 445-425 B.C.---- Neh 8:1 Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:1 And all the people gathered as one man at the square which was in front of the Water Gate, and they asked Ezra the scribe to bring the book of the law of Moses which the Lord had given to Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:2---- Neh 8:2 Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:2 Then Ezra the priest brought the law before the assembly of men, women and all who could listen with understanding, on the first day of the seventh month.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:3---- Neh 8:3 Se konsa, sou plas ki devan pòtay Dlo yo, Esdras li nan liv lalwa a pou yo, depi granmaten jouk rive midi. Tout pèp la, fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann, te louvri zòrèy yo pou yo tande sa ki te nan liv lalwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:3 He read from it before the square which was in front of the Water Gate from early morning until midday, in the presence of men and women, those who could understand; and all the people were attentive to the book of the law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:4---- Neh 8:4 Esdras, direktè lalwa a, te kanpe sou yon lestrad an bwa yo te bati espre pou sa. Sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaja, Ourija, Ilkija ak Maseja. Sou bò gòch li, te gen Pedaja, Mikayèl, Malkija, Achoum, Achbadana, Zakarya ak Mechoulam.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:4 Ezra the scribe stood at a wooden podium which they had made for the purpose. And beside him stood Mattithiah, Shema, Anaiah, Uriah, Hilkiah, and Maaseiah on his right hand; and Pedaiah, Mishael, Malchijah, Hashum, Hashbaddanah, Zechariah and Meshullam on his left hand.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:5---- Neh 8:5 Kote Esdras te kanpe byen wo sou lestrad la, li louvri liv la devan tout moun. Lè sa a, tout pèp la leve kanpe.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:5 Ezra opened the book in the sight of all the people for he was standing above all the people; and when he opened it, all the people stood up.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:6---- Neh 8:6 Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:6 Then Ezra blessed the Lord the great God. And all the people answered, "Amen, Amen!" while lifting up their hands; then they bowed low and worshiped the Lord with their faces to the ground.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:7---- Neh 8:7 Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:7 Also Jeshua, Bani, Sherebiah, Jamin, Akkub, Shabbethai, Hodiah, Maaseiah, Kelita, Azariah, Jozabad, Hanan, Pelaiah, the Levites, explained the law to the people while the people remained in their place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:8---- Neh 8:8 Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:8 They read from the book, from the law of God, translating to give the sense so that they understood the reading.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:9---- Neh 8:9 Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt direktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: -Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Seyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:9 Then Nehemiah, who was the governor, and Ezra the priest and scribe, and the Levites who taught the people said to all the people, "This day is holy to the Lord your God; do not mourn or weep." For all the people were weeping when they heard the words of the law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:10---- Neh 8:10 Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:10 Then he said to them, "Go, eat of the fat, drink of the sweet, and send portions to him who has nothing prepared; for this day is holy to our Lord. Do not be grieved, for the joy of the Lord is your strength."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:11---- Neh 8:11 Tout moun Levi yo pran mache nan mitan tout pèp la pou fè yo pe. Yo t'ap di yo: -Pe bouch nou, mezanmi! Siye dlo nan je nou! Jou sa a se yon jou apa pou Bondye li ye!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:11 So the Levites calmed all the people, saying, "Be still, for the day is holy; do not be grieved."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:12---- Neh 8:12 Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:12 All the people went away to eat, to drink, to send portions and to celebrate a great festival, because they understood the words which had been made known to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:13---- Neh 8:13 Nan denmen, tout chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo, prèt yo ak moun Levi yo sanble ankò bò direktè Esdras pou yo te ka etidye pawòl lalwa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:13 Then on the second day the heads of fathers' households of all the people, the priests and the Levites were gathered to Ezra the scribe that they might gain insight into the words of the law.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:14---- Neh 8:14 Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:14 They found written in the law how the Lord had commanded through Moses that the sons of Israel should live in booths during the feast of the seventh month.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:15---- Neh 8:15 Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:15 So they proclaimed and circulated a proclamation in all their cities and in Jerusalem, saying, "Go out to the hills, and bring olive branches and wild olive branches, myrtle branches, palm branches and branches of other leafy trees, to make booths, as it is written."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:16---- Neh 8:16 Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Gen en ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Gen en ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:16 So the people went out and brought them and made booths for themselves, each on his roof, and in their courts and in the courts of the house of God, and in the square at the Water Gate and in the square at the Gate of Ephraim.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:17---- Neh 8:17 Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:17 The entire assembly of those who had returned from the captivity made booths and lived in them. The sons of Israel had indeed not done so from the days of Joshua the son of Nun to that day. And there was great rejoicing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 8:18---- Neh 8:18 Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 8:18 He read from the book of the law of God daily, from the first day to the last day. And they celebrated the feast seven days, and on the eighth day there was a solemn assembly according to the ordinance.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 9:1 ---- written 445-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0421_16_Nehemiah_08_ht-en.html 0417_16_Nehemiah_04_ht-en.html 0418_16_Nehemiah_05_ht-en.html 0419_16_Nehemiah_06_ht-en.html 0420_16_Nehemiah_07_ht-en.html 0422_16_Nehemiah_09_ht-en.html 0423_16_Nehemiah_10_ht-en.html 0424_16_Nehemiah_11_ht-en.html 0425_16_Nehemiah_12_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|