Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Neh 8:18 He read from the book of the law of God daily, from the first day to the last day. And they celebrated the feast seven days, and on the eighth day there was a solemn assembly according to the ordinance.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:1 ---- written 445-425 B.C.----
Neh 9:1 Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:1 Now on the twenty-fourth day of this month the sons of Israel assembled with fasting, in sackcloth and with dirt upon them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:2----
Neh 9:2 Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:2 The descendants of Israel separated themselves from all foreigners, and stood and confessed their sins and the iniquities of their fathers.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:3----
Neh 9:3 Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyè a, Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:3 While they stood in their place, they read from the book of the law of the Lord their God for a fourth of the day; and for another fourth they confessed and worshiped the Lord their God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:4----
Neh 9:4 Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyèl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyè byen fò nan pye Bondye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:4 Now on the Levites' platform stood Jeshua, Bani, Kadmiel, Shebaniah, Bunni, Sherebiah, Bani and Chenani, and they cried with a loud voice to the Lord their God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:5----
Neh 9:5 Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:5 Then the Levites, Jeshua, Kadmiel, Bani, Hashabneiah, Sherebiah, Hodiah, Shebaniah and Pethahiah, said, "Arise, bless the Lord your God forever and ever! O may Your glorious name be blessed And exalted above all blessing and praise!(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:6----
Neh 9:6 Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:6 "You alone are the Lord. You have made the heavens, The heaven of heavens with all their host, The earth and all that is on it, The seas and all that is in them. You give life to all of them And the heavenly host bows down before You.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:7----
Neh 9:7 Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:7 "You are the Lord God, Who chose Abram And brought him out from Ur of the Chaldees, And gave him the name Abraham.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:8----
Neh 9:8 Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:8 "You found his heart faithful before You, And made a covenant with him To give him the land of the Canaanite, Of the Hittite and the Amorite, Of the Perizzite, the Jebusite and the Girgashite" To give it to his descendants. And You have fulfilled Your promise, For You are righteous.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:9----
Neh 9:9 Ou te wè jan zansèt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:9 "You saw the affliction of our fathers in Egypt, And heard their cry by the Red Sea.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:10----
Neh 9:10 Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:10 "Then You performed signs and wonders against Pharaoh, Against all his servants and all the people of his land; For You knew that they acted arrogantly toward them, And made a name for Yourself as it is this day.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:11----
Neh 9:11 Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:11 "You divided the sea before them, So they passed through the midst of the sea on dry ground; And their pursuers You hurled into the depths, Like a stone into raging waters.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:12----
Neh 9:12 Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:12 "And with a pillar of cloud You led them by day, And with a pillar of fire by night To light for them the way In which they were to go.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:13----
Neh 9:13 Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:13 "Then You came down on Mount Sinai, And spoke with them from heaven; You gave them just ordinances and true laws, Good statutes and commandments.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:14----
Neh 9:14 Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:14 "So You made known to them Your holy sabbath, And laid down for them commandments, statutes and law, Through Your servant Moses.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:15----
Neh 9:15 Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete soti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:15 "You provided bread from heaven for them for their hunger, You brought forth water from a rock for them for their thirst, And You told them to enter in order to possess The land which You swore to give them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:16----
Neh 9:16 Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:16 "But they, our fathers, acted arrogantly; They became stubborn and would not listen to Your commandments.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:17----
Neh 9:17 Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:17 "They refused to listen, And did not remember Your wondrous deeds which You had performed among them; So they became stubborn and appointed a leader to return to their slavery in Egypt. But You are a God of forgiveness, Gracious and compassionate, Slow to anger and abounding in lovingkindness; And You did not forsake them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:18----
Neh 9:18 Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute soti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:18 "Even when they made for themselves A calf of molten metal And said, 'This is your God Who brought you up from Egypt,' And committed great blasphemies,(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:19----
Neh 9:19 Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:19 You, in Your great compassion, Did not forsake them in the wilderness; The pillar of cloud did not leave them by day, To guide them on their way, Nor the pillar of fire by night, to light for them the way in which they were to go.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:20----
Neh 9:20 Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:20 "You gave Your good Spirit to instruct them, Your manna You did not withhold from their mouth, And You gave them water for their thirst.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:21----
Neh 9:21 Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezè a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:21 "Indeed, forty years You provided for them in the wilderness and they were not in want; Their clothes did not wear out, nor did their feet swell.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:22----
Neh 9:22 Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:22 "You also gave them kingdoms and peoples, And allotted them to them as a boundary. They took possession of the land of Sihon the king of Heshbon And the land of Og the king of Bashan.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:23----
Neh 9:23 Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:23 "You made their sons numerous as the stars of heaven, And You brought them into the land Which You had told their fathers to enter and possess.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:24----
Neh 9:24 Yo anvayi peyi Kanaran, yo pran l' pou yo. Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo. Ou lage tout wa yo ak tout pèp ki t'ap viv nan peyi a nan men pèp ou a, pou yo te fè ak yo sa yo te vle.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:24 "So their sons entered and possessed the land. And You subdued before them the inhabitants of the land, the Canaanites, And You gave them into their hand, with their kings and the peoples of the land, To do with them as they desired.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:25----
Neh 9:25 Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:25 "They captured fortified cities and a fertile land. They took possession of houses full of every good thing, Hewn cisterns, vineyards, olive groves, Fruit trees in abundance. So they ate, were filled and grew fat, And reveled in Your great goodness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:26----
Neh 9:26 Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:26 "But they became disobedient and rebelled against You, And cast Your law behind their backs And killed Your prophets who had admonished them So that they might return to You, And they committed great blasphemies.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:27----
Neh 9:27 Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:27 "Therefore You delivered them into the hand of their oppressors who oppressed them, But when they cried to You in the time of their distress, You heard from heaven, and according to Your great compassion You gave them deliverers who delivered them from the hand of their oppressors.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:28----
Neh 9:28 Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:28 "But as soon as they had rest, they did evil again before You; Therefore You abandoned them to the hand of their enemies, so that they ruled over them. When they cried again to You, You heard from heaven, And many times You rescued them according to Your compassion,(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:29----
Neh 9:29 Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:29 And admonished them in order to turn them back to Your law. Yet they acted arrogantly and did not listen to Your commandments but sinned against Your ordinances, By which if a man observes them he shall live. And they turned a stubborn shoulder and stiffened their neck, and would not listen.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:30----
Neh 9:30 Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:30 "However, You bore with them for many years, And admonished them by Your Spirit through Your prophets, Yet they would not give ear. Therefore You gave them into the hand of the peoples of the lands.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:31----
Neh 9:31 Men, ou sitèlman gen bon kè, ou pa fin detwi yo nèt, ou pa lage yo nèt ale. Paske ou se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:31 "Nevertheless, in Your great compassion You did not make an end of them or forsake them, For You are a gracious and compassionate God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:32----
Neh 9:32 Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:32 "Now therefore, our God, the great, the mighty, and the awesome God, who keeps covenant and lovingkindness, Do not let all the hardship seem insignificant before You, Which has come upon us, our kings, our princes, our priests, our prophets, our fathers and on all Your people, From the days of the kings of Assyria to this day.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:33----
Neh 9:33 Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:33 "However, You are just in all that has come upon us; For You have dealt faithfully, but we have acted wickedly.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:34----
Neh 9:34 Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:34 "For our kings, our leaders, our priests and our fathers have not kept Your law Or paid attention to Your commandments and Your admonitions with which You have admonished them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:35----
Neh 9:35 Lè yo t'ap viv nan peyi yo a avèk pwòp wa yo, avèk tout gwo benediksyon ou te ba yo, nan gwo peyi plen bon venn tè ou te mete nan men yo a, yo pa t' sèvi ou, yo pa t' sispann fè move bagay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:35 "But they, in their own kingdom, With Your great goodness which You gave them, With the broad and rich land which You set before them, Did not serve You or turn from their evil deeds.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:36----
Neh 9:36 Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:36 "Behold, we are slaves today, And as to the land which You gave to our fathers to eat of its fruit and its bounty, Behold, we are slaves in it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:37----
Neh 9:37 Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:37 "Its abundant produce is for the kings Whom You have set over us because of our sins; They also rule over our bodies And over our cattle as they please, So we are in great distress.(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 9:38----
Neh 9:38 Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Neh 9:38 "Now because of all this We are making an agreement in writing; And on the sealed document are the names of our leaders, our Levites and our priests."(NASB-1995)

================================================================================
---- Nehemiah 10:1 ---- written 445-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0422_16_Nehemiah_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0418_16_Nehemiah_05_ht-en.html
0419_16_Nehemiah_06_ht-en.html
0420_16_Nehemiah_07_ht-en.html
0421_16_Nehemiah_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0423_16_Nehemiah_10_ht-en.html
0424_16_Nehemiah_11_ht-en.html
0425_16_Nehemiah_12_ht-en.html
0426_16_Nehemiah_13_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."