|
================================================================================ ---- Ezekiel 20:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 20:1 Lè sa a, se te dizyèm jou nan senkyèm mwa setyèm lanne depi yo te depòte pèp la nan peyi Babilòn. De twa chèf fanmi nan pèp Izrayèl la vin jwenn mwen pou m' te ka pale ak Seyè a pou yo. Yo te chita devan m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:1 Now in the seventh year, in the fifth month, on the tenth of the month, certain of the elders of Israel came to inquire of the Lord, and sat before me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:2---- Eze 20:2 Lè sa a, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:2 And the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:3---- Eze 20:3 -Nonm o! Pale ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo. Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou vin chache konnen volonte m', pa vre? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap kite moun mande m' anyen. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:3 "Son of man, speak to the elders of Israel and say to them, 'Thus says the Lord God, "Do you come to inquire of Me? As I live," declares the Lord God, "I will not be inquired of by you."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:4---- Eze 20:4 Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:4 Will you judge them, will you judge them, son of man? Make them know the abominations of their fathers;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:5---- Eze 20:5 W'a di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la, moun fanmi Jakòb yo, mwen te fè sèman ba yo, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye lè yo te nan peyi Lejip la. Mwen te fè sèman ba yo, mwen te di yo se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:5 and say to them, 'Thus says the Lord God, "On the day when I chose Israel and swore to the descendants of the house of Jacob and made Myself known to them in the land of Egypt, when I swore to them, saying, I am the Lord your God,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:6---- Eze 20:6 Lè sa a, mwen te fè sèman m' t'ap fè yo soti kite Lejip la, m' t'ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo, yon peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:6 on that day I swore to them, to bring them out from the land of Egypt into a land that I had selected for them, flowing with milk and honey, which is the glory of all lands.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:7---- Eze 20:7 Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:7 I said to them, 'Cast away, each of you, the detestable things of his eyes, and do not defile yourselves with the idols of Egypt; I am the Lord your God.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:8---- Eze 20:8 Men, yo te kenbe tèt avè m', yo derefize koute m'. Yo yonn pa t' voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m' te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' fache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:8 But they rebelled against Me and were not willing to listen to Me; they did not cast away the detestable things of their eyes, nor did they forsake the idols of Egypt. Then I resolved to pour out My wrath on them, to accomplish My anger against them in the midst of the land of Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:9---- Eze 20:9 Men, mwen pa t' fè l' pou sa pa t' bay pèp peyi kote yo t'ap viv la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou, paske se devan tout pèp sa yo mwen te fè moun Izrayèl yo konnen mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:9 But I acted for the sake of My name, that it should not be profaned in the sight of the nations among whom they lived, in whose sight I made Myself known to them by bringing them out of the land of Egypt.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:10---- Eze 20:10 Se konsa, mwen fè yo soti kite peyi Lejip. Mwen mennen yo nan dezè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:10 So I took them out of the land of Egypt and brought them into the wilderness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:11---- Eze 20:11 Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:11 I gave them My statutes and informed them of My ordinances, by which, if a man observes them, he will live.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:12---- Eze 20:12 Lèfini, mwen ba yo jou repo m' yo pou sa fè yo chonje kontra mwen siyen ak yo, pou yo pa janm bliye se mwen menm, Seyè a, k'ap fè yo viv apa pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:12 Also I gave them My sabbaths to be a sign between Me and them, that they might know that I am the Lord who sanctifies them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:13---- Eze 20:13 Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m'. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' move: m' te ka disparèt yo tout la nan dezè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:13 But the house of Israel rebelled against Me in the wilderness. They did not walk in My statutes and they rejected My ordinances, by which, if a man observes them, he will live; and My sabbaths they greatly profaned. Then I resolved to pour out My wrath on them in the wilderness, to annihilate them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:14---- Eze 20:14 Men, mwen pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:14 But I acted for the sake of My name, that it should not be profaned in the sight of the nations, before whose sight I had brought them out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:15---- Eze 20:15 Se konsa, mwen fè sèman nan dezè a mwen pa t'ap mennen yo nan peyi mwen te ba yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:15 Also I swore to them in the wilderness that I would not bring them into the land which I had given them, flowing with milk and honey, which is the glory of all lands,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:16---- Eze 20:16 Mwen te fè sèman sa a paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen te ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:16 because they rejected My ordinances, and as for My statutes, they did not walk in them; they even profaned My sabbaths, for their heart continually went after their idols.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:17---- Eze 20:17 Men apre sa, kè m' te fè m' mal pou yo, mwen pran desizyon mwen p'ap touye yo. Se konsa, mwen pa t' disparèt yo tout nan dezè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:17 Yet My eye spared them rather than destroying them, and I did not cause their annihilation in the wilderness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:18---- Eze 20:18 Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:18 "I said to their children in the wilderness, 'Do not walk in the statutes of your fathers or keep their ordinances or defile yourselves with their idols.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:19---- Eze 20:19 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou. Swiv prensip pa mwen yo, mache dapre lòd mwen bay yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:19 I am the Lord your God; walk in My statutes and keep My ordinances and observe them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:20---- Eze 20:20 Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m' yo pou fè wè nou kenbe kontra m' te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:20 Sanctify My sabbaths; and they shall be a sign between Me and you, that you may know that I am the Lord your God.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:21---- Eze 20:21 Men, pitit yo kenbe tèt avè m' tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi nan dezè a sa m' ta ka fè yo lè m' fache.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:21 But the children rebelled against Me; they did not walk in My statutes, nor were they careful to observe My ordinances, by which, if a man observes them, he will live; they profaned My sabbaths. So I resolved to pour out My wrath on them, to accomplish My anger against them in the wilderness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:22---- Eze 20:22 Men, mwen kenbe men m' pou m' pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:22 But I withdrew My hand and acted for the sake of My name, that it should not be profaned in the sight of the nations in whose sight I had brought them out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:23---- Eze 20:23 Men, fwa sa a ankò, mwen fè yon lòt sèman nan dezè a, mwen fè sèman m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo, m'ap simaye nou nan divès peyi etranje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:23 Also I swore to them in the wilderness that I would scatter them among the nations and disperse them among the lands,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:24---- Eze 20:24 Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:24 because they had not observed My ordinances, but had rejected My statutes and had profaned My sabbaths, and their eyes were on the idols of their fathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:25---- Eze 20:25 Se konsa, mwen menm bò pa m', mwen ba yo lòd ki pa t' twò bon ak prensip ki pa bay lavi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:25 I also gave them statutes that were not good and ordinances by which they could not live;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:26---- Eze 20:26 Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:26 and I pronounced them unclean because of their gifts, in that they caused all their firstborn to pass through the fire so that I might make them desolate, in order that they might know that I am the Lord."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:27---- Eze 20:27 Koulye a, nonm o, pale ak moun pèp Izrayèl yo! Di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo. La ankò zansèt nou yo te manke m' dega, yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:27 "Therefore, son of man, speak to the house of Israel and say to them, 'Thus says the Lord God, "Yet in this your fathers have blasphemed Me by acting treacherously against Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:28---- Eze 20:28 Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:28 When I had brought them into the land which I swore to give to them, then they saw every high hill and every leafy tree, and they offered there their sacrifices and there they presented the provocation of their offering. There also they made their soothing aroma and there they poured out their drink offerings.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:29---- Eze 20:29 Mwen mande yo poukisa tout kay zidòl sa yo kote yo prale a? Depi lè sa a, yo rele kote sa yo Kay Zidòl jouk jòdi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:29 Then I said to them, 'What is the high place to which you go?' So its name is called Bamah to this day."'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:30---- Eze 20:30 Koulye a, di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Poukisa pou n'ap avili tèt nou tankou zansèt nou yo te fè yo, pou n'ap kouri fè sèvis pou zidòl yo?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:30 Therefore, say to the house of Israel, 'Thus says the Lord God, "Will you defile yourselves after the manner of your fathers and play the harlot after their detestable things?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:31---- Eze 20:31 Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:31 When you offer your gifts, when you cause your sons to pass through the fire, you are defiling yourselves with all your idols to this day. And shall I be inquired of by you, O house of Israel? As I live," declares the Lord God, "I will not be inquired of by you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:32---- Eze 20:32 Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:32 What comes into your mind will not come about, when you say: 'We will be like the nations, like the tribes of the lands, serving wood and stone.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:33---- Eze 20:33 Jan nou konnen mwen vivan vre a! Se mwen menm, Seyè Sèl Mèt la, k'ap pale! Se mwen menm k'ap gouvènen nou. M'ap kenbe nou anba ponyèt mwen ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:33 "As I live," declares the Lord God, "surely with a mighty hand and with an outstretched arm and with wrath poured out, I shall be king over you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:34---- Eze 20:34 Anba ponyèt mwen, ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m', m'ap fè nou soti nan mitan lòt pèp yo. M'ap ranmase nou nan mitan tout peyi kote mwen te gaye nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:34 I will bring you out from the peoples and gather you from the lands where you are scattered, with a mighty hand and with an outstretched arm and with wrath poured out;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:35---- Eze 20:35 M'ap mennen nou nan dezè nasyon yo. Se la m'ap jije nou san pesonn lòt p'ap wè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:35 and I will bring you into the wilderness of the peoples, and there I will enter into judgment with you face to face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:36---- Eze 20:36 Lè sa a, m'ap kondannen nou menm jan mwen te kondannen zansèt nou yo nan dezè peyi Lejip la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:36 As I entered into judgment with your fathers in the wilderness of the land of Egypt, so I will enter into judgment with you," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:37---- Eze 20:37 M'ap kontwole nou tankou yon gadò k'ap kontwole mouton l' yo, m'ap fè nou obeyi kontra m' siyen ak nou an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:37 "I will make you pass under the rod, and I will bring you into the bond of the covenant;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:38---- Eze 20:38 M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:38 and I will purge from you the rebels and those who transgress against Me; I will bring them out of the land where they sojourn, but they will not enter the land of Israel. Thus you will know that I am the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:39---- Eze 20:39 Seyè sèl Mèt la di ankò: Koulye a, nou menm moun pèp Izrayèl yo, nou mèt al sèvi zidòl nou yo. Men, m' tou pale nou. Apre sa, se pou n' koute m'. N'a sispann derespekte non mwen ki yon non apa. N'a sispann fè ofrann pou zidòl nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:39 "As for you, O house of Israel," thus says the Lord God, "Go, serve everyone his idols; but later you will surely listen to Me, and My holy name you will profane no longer with your gifts and with your idols.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:40---- Eze 20:40 Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:40 For on My holy mountain, on the high mountain of Israel," declares the Lord God, "there the whole house of Israel, all of them, will serve Me in the land; there I will accept them and there I will seek your contributions and the choicest of your gifts, with all your holy things.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:41---- Eze 20:41 Lè m'a fè nou soti nan mitan lòt pèp yo, lè m'a ranmase nou nan tout peyi kote mwen te gaye nou yo, m'a kontan resevwa nou ansanm ak ofrann bèt n'ap boule pou mwen pou fè m' plezi ak bon sant yo. N'a fè tout lòt nasyon yo konnen se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:41 As a soothing aroma I will accept you when I bring you out from the peoples and gather you from the lands where you are scattered; and I will prove Myself holy among you in the sight of the nations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:42---- Eze 20:42 Lè m'a mennen nou tounen nan peyi Izrayèl, peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:42 And you will know that I am the Lord, when I bring you into the land of Israel, into the land which I swore to give to your forefathers.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:43---- Eze 20:43 Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:43 There you will remember your ways and all your deeds with which you have defiled yourselves; and you will loathe yourselves in your own sight for all the evil things that you have done.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:44---- Eze 20:44 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske sa m'ap fè pou nou an se pou respè tèt mwen m'ap fè l'. Se pa sa lenkondite nou ak vye bagay derespektan nou fè yo merite. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:44 Then you will know that I am the Lord when I have dealt with you for My name's sake, not according to your evil ways or according to your corrupt deeds, O house of Israel," declares the Lord God.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:45---- Eze 20:45 Seyè a pale avè m' ankò, li di konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:45 Now the word of the Lord came to me, saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:46---- Eze 20:46 -Nonm o! Voye je gade nan direksyon sid la. Denonse sa y'ap fè bò la. Bay mesaj sa a pou gwo rakbwa ki nan zòn Negèv la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:46 "Son of man, set your face toward Teman, and speak out against the south and prophesy against the forest land of the Negev,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:47---- Eze 20:47 W'a di rakbwa Negèv la: Koute sa Seyè a di. Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Gade rakbwa! Mwen pral limen yon sèl dife ki pral boule dènye pyebwa ou genyen, kit yo vèt, kit yo chèch. Anyen p'ap ka touye dife sa a. L'ap gaye depi nan sid rive nan nò. Tout moun pral santi chalè dife a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:47 and say to the forest of the Negev, 'Hear the word of the Lord: thus says the Lord God, "Behold, I am about to kindle a fire in you, and it will consume every green tree in you, as well as every dry tree; the blazing flame will not be quenched and the whole surface from south to north will be burned by it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:48---- Eze 20:48 Tout moun pral wè se mwen menm, Seyè a, ki limen dife a. Anyen p'ap ka touye l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:48 All flesh will see that I, the Lord, have kindled it; it shall not be quenched."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 20:49---- Eze 20:49 Lè sa a mwen di: -Aa! Seyè sèl Mèt mwen! Pa fè m' di sa non! Moun deja ap plenyen se an daki ase m'ap pale!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 20:49 Then I said, "Ah Lord God! They are saying of me, 'Is he not just speaking parables?'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 21:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0822_26_Ezekiel_20_ht-en.html 0818_26_Ezekiel_16_ht-en.html 0819_26_Ezekiel_17_ht-en.html 0820_26_Ezekiel_18_ht-en.html 0821_26_Ezekiel_19_ht-en.html 0823_26_Ezekiel_21_ht-en.html 0824_26_Ezekiel_22_ht-en.html 0825_26_Ezekiel_23_ht-en.html 0826_26_Ezekiel_24_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|