|
================================================================================ ---- Deuteronomy 23:1---- Deu 23:1 Lè yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gen dwa parèt tèt li ankò nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:1 "No one who is emasculated or has his male organ cut off shall enter the assembly of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:2---- Deu 23:2 Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:2 No one of illegitimate birth shall enter the assembly of the Lord; none of his descendants, even to the tenth generation, shall enter the assembly of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:3---- Deu 23:3 Moun Amon yo ak moun Moab yo p'ap janm gen dwa parèt tèt yo nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mèt sou dis jenerasyon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:3 No Ammonite or Moabite shall enter the assembly of the Lord; none of their descendants, even to the tenth generation, shall ever enter the assembly of the Lord,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:4---- Deu 23:4 Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l' te soti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:4 because they did not meet you with food and water on the way when you came out of Egypt, and because they hired against you Balaam the son of Beor from Pethor of Mesopotamia, to curse you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:5---- Deu 23:5 Men, Seyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyè a, Bondye nou an, renmen nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:5 Nevertheless, the Lord your God was not willing to listen to Balaam, but the Lord your God turned the curse into a blessing for you because the Lord your God loves you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:6---- Deu 23:6 Konsa, toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:6 You shall never seek their peace or their prosperity all your days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:7---- Deu 23:7 Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:7 "You shall not detest an Edomite, for he is your brother; you shall not detest an Egyptian, because you were an alien in his land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:8---- Deu 23:8 Lè moun sa yo vin rete nan peyi nou an, sou twa jenerasyon, pitit yo va gen dwa vin nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:8 The sons of the third generation who are born to them may enter the assembly of the Lord.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:9---- Deu 23:9 Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:9 "When you go out as an army against your enemies, you shall keep yourself from every evil thing.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:10---- Deu 23:10 Si yon moun ta nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske li te voye sou li lannwit, l'a soti kite kan an, l'a rete deyò pou tout jounen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:10 "If there is among you any man who is unclean because of a nocturnal emission, then he must go outside the camp; he may not reenter the camp.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:11---- Deu 23:11 Nan aswè, l'a lave kò l'. Apre solèy kouche, l'a ka antre nan kan an ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:11 But it shall be when evening approaches, he shall bathe himself with water, and at sundown he may reenter the camp.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:12---- Deu 23:12 N'a chwazi yon kote andeyò limit kan an kote n'a ka ale fè bezwen nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:12 "You shall also have a place outside the camp and go out there,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:13---- Deu 23:13 N'a pran yon pikwa nan zouti nou yo, n'a fouye yon twou, n'a degaje nou, epi n'a kouvri l' ak tè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:13 and you shall have a spade among your tools, and it shall be when you sit down outside, you shall dig with it and shall turn to cover up your excrement.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:14---- Deu 23:14 Seyè a, Bondye nou an, ap pwonmennen nan tout kan an pou l' pwoteje nou, pou l' lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Seyè a pa wè anyen ladan l' ki pou ba l' kè tounen epi ki pou ta fè l' vire do ban nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:14 Since the Lord your God walks in the midst of your camp to deliver you and to defeat your enemies before you, therefore your camp must be holy; and He must not see anything indecent among you or He will turn away from you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:15---- Deu 23:15 Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:15 "You shall not hand over to his master a slave who has escaped from his master to you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:16---- Deu 23:16 N'a kite l' viv avèk nou nan mitan pèp la, nan nenpòt ki lavil l'a chwazi, kote l'a pi pito. Pa janm pwofite sou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:16 He shall live with you in your midst, in the place which he shall choose in one of your towns where it pleases him; you shall not mistreat him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:17---- Deu 23:17 Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:17 "None of the daughters of Israel shall be a cult prostitute, nor shall any of the sons of Israel be a cult prostitute.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:18---- Deu 23:18 Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè ankenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:18 You shall not bring the hire of a harlot or the wages of a dog into the house of the Lord your God for any votive offering, for both of these are an abomination to the Lord your God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:19---- Deu 23:19 Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:19 "You shall not charge interest to your countrymen: interest on money, food, or anything that may be loaned at interest.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:20---- Deu 23:20 Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:20 You may charge interest to a foreigner, but to your countrymen you shall not charge interest, so that the Lord your God may bless you in all that you undertake in the land which you are about to enter to possess.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:21---- Deu 23:21 Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:21 "When you make a vow to the Lord your God, you shall not delay to pay it, for it would be sin in you, and the Lord your God will surely require it of you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:22---- Deu 23:22 Si nou pa fè Seyè a ankenn pwomès, nanpwen peche nan sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:22 However, if you refrain from vowing, it would not be sin in you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:23---- Deu 23:23 Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l'. Lè nou fè Seyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pa t' fòse nou fè l', se pou nou kenbe l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:23 You shall be careful to perform what goes out from your lips, just as you have voluntarily vowed to the Lord your God, what you have promised.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:24---- Deu 23:24 Lè nou pase nan jaden rezen yon moun pèp Izrayèl parèy nou, nou gen dwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:24 "When you enter your neighbor's vineyard, then you may eat grapes until you are fully satisfied, but you shall not put any in your basket.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 23:25---- Deu 23:25 Si nou antre nan jaden ble yon moun pèp Izrayèl parèy nou, si ble a mi, nou gen dwa kase kèk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchèt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pèp Izrayèl parèy nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Deu 23:25 "When you enter your neighbor's standing grain, then you may pluck the heads with your hand, but you shall not wield a sickle in your neighbor's standing grain.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Deuteronomy 24:1---- |
|
THIS CHAPTER:
0176_05_Deuteronomy_23_ht-en.html 0172_05_Deuteronomy_19_ht-en.html 0173_05_Deuteronomy_20_ht-en.html 0174_05_Deuteronomy_21_ht-en.html 0175_05_Deuteronomy_22_ht-en.html 0177_05_Deuteronomy_24_ht-en.html 0178_05_Deuteronomy_25_ht-en.html 0179_05_Deuteronomy_26_ht-en.html 0180_05_Deuteronomy_27_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|